BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 114
  • Èske gen “sèt peche ki lakòz lanmò”?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske gen “sèt peche ki lakòz lanmò”?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa peche ye?
    Repons Bib la bay
  • Bondye “dispoze padone” nou
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Èske Bondye mande pou moun konfese peche yo?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Èske Bondye ap padone m?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 114
Yon mesye ki santi l deprime.

Èske gen “sèt peche ki lakòz lanmò”?

Repons Bib la bay

Bib la pa di anyen byen klè sou yon lis “sèt peche ki lakòz lanmò”. Sepandan, Bib la montre yon moun k ap pratike peche ki grav pap sove. Pa egzanp, Bib la pale konsènan kèk peche grav tankou imoralite seksyèl, idolatri, pratik ki gen rapò ak movèzespri, kòlè san kontwòl ak bwè pou sou kòm bagay ki fè pati “zèv lachè yo”. Annapre, li di: “Moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye Wayòm Bondye a.” — Galat 5:19-21a.

Èske Bib la fè yon lis ‘sèt bagay Seyè a rayi anpil’?

Wi. Men sa nou li nan Pwovèb 6:16, selon tradiksyon Labib Wa Jak la (anglè): “Gen sis bagay Seyè a rayi: wi, gen sèt bagay li rayi anpil.” Sepandan, nou pa ka pran lis peche ki vin apre nan Pwovèb 6:17-19 yo nan yon sans laj. Olye de sa, vèsè sa yo pale de kèk peche fondamantal ki reprezante tout kalite move konduit san wete peche nou fè nan panse nou, pawòl nou ak aksyon noub.

Ki sa ekspresyon “peche ki lakòz lanmò” a vle di?

Gen kèk tradiksyon Labib ki sèvi ak ekspresyon nou jwenn nan 1 Jan 5:16 la. Pa egzanp, nan tradiksyon Labib ki rele The New American Bible la, nou li: “Gen yon bagay ki mennen nan lanmò.” Donk, pou tradui ekspresyon “peche ki lakòz lanmò” a, yo ka met “peche ki mennen nan lanmò”. Ki diferans ki genyen ant “peche ki mennen nan lanmò” ak “peche ki pa mennen nan lanmò”? — 1 Jan 5:16.

Yon fason klè, Bib la montre se tout peche ki lakòz lanmò. Sepandan, nou kapab delivre anba peche ak lanmò grasa sakrifis ranson Jezi Kris la (Women 5:12; 6:23). Nan ka sa a, yon “peche ki mennen nan lanmò” se yon kalite peche ranson Kris la pa kouvri. Yon moun ki komèt kalite peche sa a se yon moun ki tèlman ap benyen nan peche opwen l pap janm rive chanje atitid oswa konduit. Labib fè referans ak yon peche konsa kòm yon peche Bondye “pap padone”. — Matye 12:31; Lik 12:10.

Ki kote lis sèt peche ki lakòz lanmò a soti?

Okòmansman, lis “sèt peche ki lakòz lanmò” a te baze sou yon lis uit gwo defo. Se Evagrius Ponticus, yon moun mistik, ki te vin ak lis sa a nan katriyèm syèk epòk nou an, e sa l te ekri yo te pouse yon mwàn ki rele John Cassian, ki te yon asèt tou, ekri kèk bagay sou sa. Nan sizyèm syèk la, pap Gregwa 1ye te chanje lis uit defo Cassians nan pou l vin yon lis sèt peche, dapre teyoloji legliz katolik women an, ki lakòz lanmò, anpalan de ògèy, ava, anvi seksyèl san kontwòl, anvye sò moun, saf, kòlè ak parès. Gregwa te konsidere peche sa yo kòm sous kote anpil lòt peche soti.

a Nou pa dwe pran lis 15 peche grav nou jwenn nan Galat 5:19-21 an kòm yon lis ki konplè paske apre Bib la fin site peche sa yo, li ajoute ekspresyon “ak lòt bagay menm jan an”. Konsa, moun k ap li vèsè sa yo dwe gen bon konprann pou l rive idantifye lòt bagay ki pa nan lis la men ki “menm jan”.

b Pwovèb 6:16 gen yon ekspresyon ebre ki atire atansyon sou dezyèm chif ki nan vèsè a lè l mete l an paralèl ak premye a. Fòm ekspresyon sa a parèt souvan nan Ekriti yo. — Jòb 5:19; Pwovèb 30:15, 18, 21.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje