BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 68
  • Èske m vle fòk tout sa m fè bon nèt?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske m vle fòk tout sa m fè bon nèt?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske se yon mal si m vle pou tout sa m fè bon nèt, san okenn erè?
  • Èske gen yon pi bon fason pou m ye?
  • Poukisa m vle fòk tout sa m fè bon nèt?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Ki sa pou m fè lè yo kritike m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Fason pou w byen sèvi ak tan w
    Reveye n! — 2014
  • Ki jan m ka evite gen panse negatif?
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 68
Yon adolesan ap pran san l pou l fè desen yon cheval

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske m vle fòk tout sa m fè bon nèt?

Si w

  • toujou atann pou w fè pi gwo nòt la nan tout egzamen

  • evite nouvo defi yo paske w pè pou w pa reyisi

  • konsidere tout remak yo fè sou ou kòm kritik

. . . , sa vle di repons kesyon ki anwo a se kapab wi. Men, èske sa enpòtan?

  • Èske se yon mal si m vle pou tout sa m fè bon nèt, san okenn erè?

  • Èske gen yon pi bon fason pou m ye?

  • Sa lòt jèn di

Èske se yon mal si m vle pou tout sa m fè bon nèt, san okenn erè?

Pa gen anyen ki mal lè yon moun travay di pou l reyisi sa l ap fè. Sepandan, dapre yon liv “gen yon gwo diferans ant chèche fè yon bagay trè byen, ak chèche rive nan yon nivo w pa ka rive, sa ki ka gen move efè sou ou”. (Pèfeksyonis: Ki mal ki gen nan sa lè yon moun twò fò?, anglè.) Men sa menm liv sa a di: “Lè yon moun toujou vle pou tout sa l fè bon nèt san fot, sa kapab difisil anpil pou li, paske, nou tout konn sa, pa gen moun ki pafè.”

Labib dakò ak sa. Men sa l di: “Pa gen yon moun ki jis sou tè a ki toujou fè sa k byen.” (Eklezyas 7:20). Kòm ou enpafè, pafwa ou gendwa pa twò fò nan yon bagay.

Èske l difisil pou w dakò ak sa? Si w pa kapab, annou wè kat bagay ki ka rive si w vle pou tout sa w fè bon nèt. Kat bagay sa yo ka gen move efè sou ou.

  1. Fason w wè tèt ou. Lè yon moun vle pou tout sa l fè bon nèt, sa fè l met tèt li nan yon nivo ki depase limit, e sa konn mennen nan desepsyon. “An reyalite, nou pap janm maton nan tout bagay, e si n ap plede kraze tèt nou paske nou pa pafè, alafen, nou pap gen konfyans nan tèt nou ditou. Yon tandans konsa ka lage nou nan depresyon.” — Alicia.

  2. Fason w konsidere konsèy k ap itil ou. Yon moun ki vle pou tout sa l fè bon nèt ka gen tandans pran kèlkeswa remak yo fè l kòm kritik menmsi se pou byen l. Men sa yon jèn gason ki gen 24 an ki rele Jeremy di: “Lè yo fè m yon remak, m santi m pa vo anyen.” Li ajoute, “lè w vle pou tout sa w fè bon nèt, non sèlman sa anpeche w admèt ou gen limit men tou sa anpeche w aksepte èd alòske w bezwen sa”.

  3. Fason w wè lòt moun. Moun ki vle pou tout sa yo fè bon nèt yo gen tandans toujou ap kritike lòt moun e li fasil pou n konprann sa k fè sa. Men ki sa Anna ki gen 18 an di: “Lè w atann lapèfeksyon lakay ou, ou vin atann pou tout moun pafè tou.” “Lè moun sa yo pa rive nan nivo w te vle a, ou toujou santi yo desevwa w.”

  4. Fason lòt moun wè w. Si w ap atann gwo bagay lakay lòt moun yon fason ki pa rezonab, pinga w sezi si w wè moun sa yo kòmanse ralanti sou ou! Men sa yon dam ki rele Beth di: “Lè yon moun ki vle pou tout sa l fè bon nèt ap chèche met tèt li nan yon nivo l pa ka rive, sa fè l faya. Pèsonn pa t ap renmen gen yon moun konsa bò kote l!”

Èske gen yon pi bon fason pou m ye?

Bib la di: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” (Filipyen 4:5.) Yon moun rezonab fè ekilib ant sa l ap atann de tèt li ak sa l ap atann de lòt moun.

“Pou presyon moun ap pran anba move enfliyans lòt moun gen sou yo, poukisa yon moun ta oblije ap chèche fè presyon sou pwòp tèt li san nesesite lè l vle pou tout sa l fè bon nèt? Yon atitid konsa difisil pou yon moun jere!” — Nyla.

Bib la di: “Mache avèk Bondye w la, [...] fè sa toutpandan w rekonèt limit ou.” (Miche 6:8, nòt). Yon moun ki konn limit li pa janm eseye fè plis pase sa l ka fè, ni li pa janm eseye pase plis tan nan yon travay pase sa l ka bay.

“Pou mwen ka byen jere responsablite m genyen yo, m aksepte yon kantite responsablite ki rezonab. Sèlman, m ka fè anpil.” — Hailey.

Bib la di: “Tout sa w jwenn fè ak men w, fè l ak tout fòs ou.” (Eklezyas 9:10). Donk, se pa parès ki solisyon an, men se devouman sitou lè w makònen devouman sa a ak kèk kalite nou te pale de yo pi wo a, tankou: montre w rezonab ak rekonèt limit ou.

Joshua, yon jèn gason 25 an di: “M eseye fè tout sa m kapab pou m byen fè sa m gen pou m fè e m met tout mwen menm ladan l. M vin konprann travay m fè yo pa ka pafè, men m gen kè kontan paske m te mete tout mwen menm nan sa m t ap fè a.”

Sa lòt jèn di

Sierra

“Lè yon moun vle pou tout sa l fè bon nèt, sa ka fè l strese anpil, epi l ka pa santi l byen lè yon moun fè l yon remak k ap bon pou li. Pou mwen menm, Ii pi bon pou w chèche tire leson nan erè w fè yo olye w konsidere w echwe lè w fè erè.” — Sierra.

Bo

“Lè w vle pou tout sa w fè bon nèt, sa ap fè w pèdi jwa w. Sa ka fè zanmi w yo malalèz paske y ap konprann w ap jije yo oswa w panse yo pa gen anyen ki bon lakay yo.” — Bo.

Sarina

“Gen 24 èdtan sèlman nan yon jounen, tout sa n ap fè nou dwe fè yo nan tan sa a. Si n pase twòp tan nan chak ti bagay, sa ka fè n mete kèk aktivite enpòtan sou kote tankou manje ak dòmi.” — Sarina.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje