BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 70
  • Ki jan m ka kontwole santiman m?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka kontwole santiman m?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa k fè w santi w konsa
  • Twa bagay ou ka fè
  • Ki jan m ka kontwole santiman m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Ki jan m ka fè fas ak depresyon?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • 3 | Byenfè nou jwenn nan egzanp moun ki nan Bib la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
  • 2 | “Konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 70
Yon jèn desine yon figi ki tris ak yon figi ki kontan

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka kontwole santiman m?

“Yon jou mwen ka santi m anfòm epi nan demen mwen santi m pa bon. Yon bagay mwen pa t bay okenn enpòtans nan lavèy vin tounen yon pakèt afè nan demen.” — Carissa.

Èske w gen enpresyon santiman w yo ap monte desann tankou yon wout ki chaje ak twoua. Si se sa, atik sa a ka ede w.

  • Sa k fè w santi w konsa

  • Twa bagay ou ka fè

  • Sa lòt jèn di sou sa

Sa k fè w santi w konsa

Lè yon timoun nan etap kote l ap fòme, sa rive souvan pou l gen gwo chanjman nan fason l santi l. Menmsi w gentan pase etap sa a, ou ka byen sezi wè ki jan santiman w kapab chanje sanzatann.

Si fason w santi w la, sa vle di tanto w byen tanto ou santi w mal, lage w nan konfizyon, se pou w sonje se chanjman k ap fèt anndan w ki gen rapò ak òmòn ansanm ak krent ak strès ou genyen ki lakòz sa e se yon bagay ki nòmal nan etap ou ye a. Men, bon nouvèl la sèke ou kapab rive konprann jan w santi w e w ka aprann fè fas avèk sa.

Reyalite a: Li enpòtan pou w aprann kontwole santiman w pandan w jèn paske w ap bezwen fè sa nan divès sitiyasyon lè w vin granmoun.

Yon jèn gason ap eseye evite twou ki gen nan yon wout

Santiman negatif yo tankou gwo twou nan yon wout. Si w maton, ou ka rive evite pi gwo twou yo pou vwayaj la ka swa.

Twa bagay ou ka fè

Pale. Labib di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

“Gen yon bon zanmi fanmi an mwen konsidere kòm matant mwen. Li vrèman enterese nan sa m ap di e m santi m alèz pou m di l sa m santi. Lè m wè bagay yo byen, li montre li fyè de mwen, men si m gen yon move fason m wè bagay yo, li korije m pi bon fason ki posib la.” — Yolanda.

Yon ide: Olye w pale ak jèn parèy ou sèlman ki kapab nan menm sitiyasyon avè w anrapò ak fason yo santi yo, pale ak paran w oswa yon granmoun ou fè konfyans.

Ekri. Labib fè konnen sa Jòb, ki te nan gwo dezespwa, te di: “Mwen pral pale sa k fè m mal. Mwen pral pale paske m nan gwo soufrans!” (Jòb 10:1). Nonsèlman ou ka pale ak yon moun, men tou, yon lòt fason pou w “pale” se lè w ekri sa w santi.

“M toujou gen yon ti kanè avè m tout kote m ale. Lè gen yon bagay ki ban m pwoblèm, mwen ekri l. Ekri se tankou yon terapi pou mwen.” — Iliana.

Yon ide: Se pou w gen yon kanè oswa yon kaye kote w ekri sa w santi, sa ki lakòz ou santi w konsa ak fason w ka fè fas ak yo. Fich aktivite ki mache ak atik sa a kapab ede w fè sa.

Priye. Labib di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la tonbe.” — Sòm 55:22.

“Lè gen yon bagay k ap trakase m, mwen priye Jewova toutan. Mwen toujou santi m soulaje lè m fin ouvè kè m ba li.” — Jasmine.

Ide: Malgre w ka santi w strese, panse ak twa bagay nan lavi a ou gen rekonesans pou yo. Lè w ap priye, mande Jewova pou l ede w, men tou, di l mèsi pou benediksyon w genyen yo.

Sa lòt jèn di sou sa

Daniel

“Filipyen 4:6 di pou nou priye pou tètchaje nou yo ‘toutpandan n ap di Bondye mèsi’. Mwen fè efò pou m montre m gen rekonesans lè m ap priye, mwen toujou ap chèche yon bagay pou m di Jewova mèsi pou li. Mwen santi sa ede m ak tètchaje m yo.” — Daniel.

Jessica

“Pafwa m santi se kòmsi m pa gen kouraj pou m ouvri kè m bay Jewova, men mwen fè l kanmenm. Lapriyè ede m rann mwen kont nan ki pwen Jewova renmen m e m rann mwen kont talè konsa li pral ‘siye tout dlo nan je nou’ jan Labib di sa nan Revelasyon 21:4.” — Jessica.

a Nan atik sa a, yo pale sou fason santiman anpil jèn chanje sanzatann. Si w konn gen gwo chanjman nan fason w ye, sa vle di tanto w kontan anpil tanto w santi depresyon, oswa si w gen yon lòt fòm depresyon, gade atik “Comment faire face à la dépression?” an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje