BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 136
  • Èske Mari se manman Bondye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Mari se manman Bondye?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Sa nou ka aprann nan egzanp Mari
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • “Mwen se esklav Jewova!”
    Annou imite lafwa yo
  • Li te andire anba yon gwo chagren
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Li te “rezone nan kè l”
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 136
Mari ak Jezi ki tibebe

Èske Mari se manman Bondye?

Repons Bib la bay

Non, Labib pa anseye Mari se manman Bondye, ni li pa fè konnen kretyen yo ta dwe ni adore Mari, ni venere l.a Ann egzamine pwen ki vin apre yo:

  • Mari pa t janm fè konnen li se manman Bondye. Labib esplike li te fè “Pitit Bondye a”, men se pa Bondye. — Mak 1:1; Lik 1:32.

  • Jezi Kris pa t janm di Mari se manman Bondye oswa Mari merite yon atachman espesyal. Anfèt, li te korije yon dam ki te atire atansyon sou wòl espesyal Mari jwe antanke manman Jezi, kòmkwa sa fè l byennere. Men sa Jezi te di l: “Now! Pito w di: Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” — Lik 11:27, 28.

  • Ekspresyon “Rèn syèl la” ak “Teyotokòs” (Sila ki fè Bondye a) pa nan Bib la.

  • Lè Labib pale de “Rèn syèl la”, li pap pale de Mari, men l ap pale de yon fo deyès Izrayelit ki te vire do bay Bondye yo te konn adore (Jeremi 44:15-19). Petèt “Rèn syèl la” se te Ichta (Astate), yon deyès peyi Babilòn.

  • Kretyen nan premye syèk yo pa t konn adore Mari, ni yo pa t ba l yon onè espesyal. Gen yon istoryen ki di kretyen premye syèk yo “t ap rejte adorasyon yo bay Mari a, e yo t ap pè pou yo bay Mari yon atansyon ki pa kòrèk ki te ka montre y ap adore yon deyès”. — N ap chèche konn Mari, yon fi juif (anglè).

  • Labib montre Bondye te toujou egziste (Sòm 90:1, 2; Ezayi 40:28). Piske li pa gen kòmansman, li pa ka gen manman. Anplis de sa, Mari pa t ap kapab pote Bondye nan vant li, paske Labib di byen klè menm syèl la pa ka kenbe Bondye. — 1 Wa 8:27.

Mari se manman Jezi, li pa “manman Bondye”

Mari se te yon fi Juif, e l te soti nan liy fanmi wa David (Lik 3:23-31). Bondye te fè l yon gwo favè paske l te gen lafwa e li te gen atachman pou Bondye (Lik 1:28). Bondye te chwazi l pou l vin manman Jezi (Lik 1:31, 35). Mari te gen lòt pitit ak Jozèf, ki te mari l. — Mak 6:3.

Bib la montre Mari te vin disip Jezi, men, li pa bay anpil lòt enfòmasyon sou li. — Travay 1:14.

Poukisa kèk moun pran Mari kòm manman Bondye?

Gen prèv ki montre se nan fen katriyèm syèk epòk nou an moun te kòmanse adore Mari. Nan moman sa a, Legliz katolik te vin tounen relijyon Leta nan tout peyi ki te anba pouvwa Wòm. Se konsa, anpil moun ki te nan relijyon payen te vin pote non kretyen. Epitou, Legliz te vin ak ansèyman trinite a, yon ansèyman ki pa nan Bib la.

Doktrin trinite a te fè anpil moun konprann si Jezi se Bondye, ebyen, Mari se manman Bondye. Nan ane 431 epòk nou an, nan yon gwo rasanbleman yo te fè nan Efèz, yo te fè konnen byen klè Mari se “manman Bondye”. Apre gwo rasanbleman sa a yo rele Konsil Efèz la (Concile d’Éfèz), moun te kòmanse venere Mari anpil anpil. Epi, tank moun ki sot nan relijyon payen yo t ap vin nan legliz la, tikras pa tikras, imaj vyèj Mari yo te vin pran plas deyès yo fè kwè ki konn fè moun fè pitit yo, tankou Atemis (pou Women yo, se te Dyàn,) ak Isis.

Nan ane 432 epòk nou an, pap Siks III te bay lòd pou yo konstwi yon legliz nan Wòm nan non “manman Bondye”. Yo te konstwi l toupre yon tanp yo te fè anvan sa nan non Lisin, yon deyès women yo te kwè ki fè moun fè pitit. Gen yon ekriven ki fè konnen legliz sa a se te “yon senbòl ki te rete lontan ki montre kòman Wòm te vin aksepte adore Mari nan plas Gwo deyès la apre l vin kretyen.” — Mary — The Complete Resource.

a Gen plizyè relijyon ki fè konnen Mari se manman Bondye. Yo konn pale de li kòm “Rèn syèl la” oswa kòm Teyotokòs, yon mo grèk ki vle di “Sila ki te fè Bondye a.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje