BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 137
  • Ki sa sa vle di sen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa sa vle di sen?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske yon moun enpafè ka sen?
  • Èske yon moun ki te sen nan je Bondye ka vin pa sen ankò?
  • Sa ki pa verite anrapò ak sentete
  • “Nou dwe sen”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Èske w gen menm pwennvi ak Jewova sou bagay ki sakre ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • “Jewova [...] sen, li sen, li sen”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Ki sa lespri sen an ye?
    Repons Bib la bay
Repons Bib la bay
ijwbq atik 137
Moyiz ak pye pikan ki gen dife ladan l lan

Ki sa sa vle di sen?

Repons Bib la bay

Yo itilize mo “sen” anrapò ak sa ki pwòp e ki san salte. Nan lang ebre a, mo “sen” an vle di “met apa”. Donk, yo itilize “sen” anrapò ak sa yo met apa, ki pa la pou yo itilize l yon fason òdinè, oubyen anrapò ak sa yo konsidere kòm sakre, sitou paske l pwòp e l bon.

Se Bondye ki sen nan degre ki pi wo a. Bib la di: “Pa gen pèsonn ki sen tankou w, Jewovaa.” (1 Samyèl 2:2). Se sa k fè Bondye gen dwa pou l etabli lwa konsènan sentete.

Nou kapab itilize mo “sen” an pou kèlkeswa bagay ki gen rapò dirèkteman ak Bondye, espesyalman bagay nou itilize sèlman pou n adore Bondye. Pa egzanp, Bib la pale de:

  • Kote ki sakre: Lè Moyiz te kanpe bò pye pikan ki te gen dife ladan l lan, Bondye te di l: “Kote w kanpe a se yon kote ki sakre.” — Egzòd 3:2-5.

  • Fèt ki sen: Izrayelit nan tan lontan yo te konn fè fèt regilyèman pou yo adore Jewova. Yo te di fèt sa yo se fèt Bondye mande “pou nou reyini pou nou adore l”. — Levitik 23:37.

  • Objè ki sakre: Yo te rele objè yo te konn itilize pou adore Bondye nan tanp Jerizalèm tan lontan an “veso sakre”. (1 Wa 8:4.) Yo te konn trete objè sakre sa yo avèk anpil respè, men yo pa t janm konn adore yo.b

Èske yon moun enpafè ka sen?

Wi. Men lòd Bondye bay kretyen yo: “Nou dwe sen, paske mwen menm, mwen sen.” (1 Pyè 1:16). Se vre, yon moun enpafè pap ka atenn degre sentete Bondye genyen an ki pafè. Sepandan, Bondye kapab konsidere yon moun ki obeyi lwa l yo kòm yon moun “ki sen, ki fè Bondye plezi”. (Women 12:1.) Yon moun k ap fè efò pou l sen ap montre sa ni nan pawòl li ni nan aksyon l. Pa egzanp, moun sa a suiv konsèy Bib la bay “pou nou vin sen e pou nou evite imoralite seksyèl”, epi “pou nou vin sen nan tout konduit nou”. — 1 Tesalonisyen 4:3; 1 Pyè 1:15.

Èske yon moun ki te sen nan je Bondye ka vin pa sen ankò?

Wi. Si yon moun sispann suiv prensip Bondye yo, Bondye pap konsidere l kòm yon moun ki sen ankò. Pa egzanp, nan liv Ebre a, yo te avèti ‘frè yo ki te sen’ pou yo ‘pa vin gen yon kè ki mechan, yon kè ki manke lafwa, poutèt yo kite Bondye vivan an’. — Ebre 3:1, 12.

Sa ki pa verite anrapò ak sentete

Sa ki pa verite: Yon moun ka vin sen lè li renye tèt li.

Sa ki verite: Bib la fè konnen lè yon moun “maltrete kò l” oswa li renye tèt li nan yon degre ekstrèm, sa “pa itil anyen” pou Bondye (Kolosyen 2:23). Olye de sa, Bondye vle pou nou pwofite bon bagay ki gen nan lavi a. “Se pou tout moun manje, se pou yo bwè e se pou yo gen kè kontan pou tout travay di yo fè. Se kado Bondye bay.” — Eklezyas 3:13.

Sa ki pa verite: Lè yon moun selibatè, sa fè l pi sen.

Sa ki verite: Byenke yon kretyen ka chwazi rete san l pa marye, men se pa sa ki fè l sen pou Bondye. Se vre, moun ki selibatè yo gen posiblite sèvi Bondye san yo pa distrè (1 Korentyen 7:32-34). Sepandan, Bib la montre moun ki marye yo kapab sen tou. An reyalite, omwen youn nan apot Jezi yo, Pyè, te marye. — Matye 8:14; 1 Korentyen 9:5.

Ki kote ekspresyon “Lasent Bib” la soti?

Pandan plizyè syèk, yo te rele tout ekriti ki enspire yo “Lasent Bib” oswa “Ekriti sakre yo” pou rezon sa yo:

  • Orijin li. “Yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo.” — 2 Pyè 1:21.

  • Mesaj ki ladan l. “Lòd Jewova yo jis, yo fè kè moun kontan. Kòmandman Jewova yo bon, yo louvri je moun. Lakrentif pou Jewova se yon bon bagay, l ap la pou toutan.” — Sòm 19:8, 9.

Donk, nou ka konsidere Bib la kòm yon bagay ki sakre. Li diferan ak lòt liv yo, paske mesaj ki ladan l yo vrè e li itil nan adorasyon n ap bay Bondye a.

a Non Bondye se Jewova. Nan plizyè santèn vèsè nan Bib la, yo asosye non sa a ak mo “sen” e ak mo “sentete”.

b Bib la pa vle n adore objè ki gen rapò ak relijyon. — 1 Korentyen 10:14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje