BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 143
  • Èske fimen se yon peche?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske fimen se yon peche?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske Labib pale sou kesyon pran mariwana oswa lòt dwòg pou plezi?
  • Ki sa m dwe konnen sou fimen?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Lè moun fimen èske Bondye bay sa enpòtans?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Ki sa Bondye panse sou fimen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Repons Bib la bay
ijwbq atik 143
Yon moun k ap fimen yon sigarèt

Èske fimen se yon peche?

Repons Bib la bay

Labib pa pale sou fimena, ni sou lòt fason moun itilize tabak. Men, li gen prensip ladan l ki montre Bondye pa aksepte pou moun fè yon seri pratik ki pa bon pou sante yo e ki pa pwòp. Se sa k fè, selon Labib, fimen se yon peche.

  • Respè pou lavi. “Bondye [...]bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay.” (Travay 17:24, 25). Piske se Bondye ki bay lavi, nou pa dwe fè anyen ki ka redui sou lavi nou, pa egzanp, fimen. Fimen se youn nan bagay ki touye plis moun nan monn nan. Yo te ka evite sa.

  • Lanmou pou pwochen. “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” (Matye 22:39). Lè yon moun ap fimen sou lòt moun, li pa montre l gen lanmou pou yo. Moun ki toujou ap respire lafimen an ka gen menm maladi moun k ap fimen an pran yo.

  • Rete sen. “Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi.” (Women 12:1). “Annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a, e n ap vin sen nèt nan lakrentif pou Bondye.” (2 Korentyen 7:1). Fimen se yon bagay ki pa nòmal e ki pa mache ak sa ki sen, sa vle di sa ki pwòp e ki pa kontamine, paske moun ki sèvi ak tabak yo pran yon seri toksin (pwazon) ladan l k ap fè gwo ravaj nan kò yo.

Èske Labib pale sou kesyon pran mariwana oswa lòt dwòg pou plezi?

Bib la pa pale de mariwana (yo rele l tou zèb oswa pay) oubyen yon seri lòt kalite dwòg. Men, li gen prensip ki gen rapò ak fason moun sèvi ak yon seri dwòg pou plezi. Anplis prensip nou sot bay pi wo yo, nou ka aplike prensip ki vin apre yo:

  • Kontwole kapasite mantal nou yo. “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, [...] ak tout lespri nou.” (Matye 22:37, 38). “Rete nan bonsans nou nèt.” (1 Pyè 1:13). Yon moun pa ka kontwole tèt li nèt lè l anba dwòg, e anpil moun konn menm vin esklav yo. Lespri yo vin konsantre sou fason pou yo jwenn dwòg yo e pou yo sèvi avèk yo olye l konsantre sou panse ki ka fòtifye moun. — Filipyen 4:8.

  • Obeyi lwa otorite yo bay. “Soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo.” (Tit 3:1). Nan anpil peyi, lalwa chèche byen kontwole fason yo itilize kèk dwòg. Si nou vle fè Bondye plezi, nou dwe obeyi otorite ki nan monn nan. — Women 13:1.

Tabak ak sante w

Òganizasyon mondyal lasante fè konnen chak ane, gen anviwon sis milyon moun ki mouri akoz maladi yo pran ki gen rapò ak tabak. Pami yo, gen plis pase 600 000 moun ki pa fimen, men k ap respire lafimen moun k ap fimen yo ap voye. Ann egzamine fason tabak gen efè sou sante moun k ap itilize l yo ak moun ki bò kote yo.

Kansè. Nan tabak la, gen plis pase 50 sibstans chimik ki ka bay kansè. Selon yon liv (The Encyclopædia Britannica), yo fè konnen lafimen tabak “responsab 90 pousan ka moun ki gen kansè nan poumon yo”. Lafimen tabak la ka ban nou kansè nan lòt pati nan kò nou tou, tankou nan bouch nou, nan vant nou, nan gòj nou, nan larenks nou, nan fwa nou, nan pankreya nou ak nan vesi nou.

Maladi respirasyon. Lè yon moun fimen, gen plis chans pou l gen yon seri pwoblèm respirasyon tankou nemoni ak grip. Lè yon timoun toujou ap respire lafimen yon moun k ap fimen bò kote l ap voye, l ap pi fasil pou l vin asmatik, pou l gen yon tous ki pa ka pase. Sa ap fè poumon l pa ni byen devlope, ni byen fonksyone.

Maladi kè. Li pi fasil pou moun ki fimen yo fè stwok oswa gen yon maladi kè. Gen yon sibstans nan lafimen tabak la yo rele monoksid kabòn ki pase nan poumon yo pou l al nan san an e ki pran plas oksijèn nan. Lè gen mwens oksijèn nan san yon moun, kè l ap fè plis efò pou kò l jwenn oksijèn.

Efè sou fi ansent. Medam ki ansent ki fimen yo plis gen posiblite pou yo akouche anvan lè pase fi ki pa fimen yo, bebe yo ka fèt twò piti oswa yo ka fèt ak yon andikap, pa egzanp, ak po bouch yo fann. Anplis, tibebe sa yo ka vin gen pwoblèm pou yo respire oswa yo ka ret konsa yo mouri.

a La a, fimen se lè yon moun chwazi rale lafimen tabak ki soti nan sigarèt, siga oswa pip. Men tou, nou ka aplike prensip n ap egzamine yo pou pran tabak nan bouch oswa nan nen, sigarèt elektwonik ki gen nikotin ak lòt pwodui menm jan an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje