BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 3
  • Fason pou w demontre afeksyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou w demontre afeksyon
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa w dwe konnen
  • Sa w ka fè
  • “ Se pou nou gen yon afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Pou w gen kè kontan nan maryaj ou: Bay afeksyon
    Èd pou fanmi
  • Antanke kretyen, travay pou maryaj ou reyisi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Ann kontinye demontre anpil afeksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Èd pou fanmi
ijwhf atik 3
Yon mari k ap bay madanm li akolad.

ÈD POU FANMI

Fason pou w demontre afeksyon

Tank ane ap pase, se tank gen kèk moun marye ki demontre mwens afeksyon youn pou lòt. Si se konsa sa ye nan maryaj ou, èske w ta dwe enkyete w?

  • Sa w dwe konnen

  • Sa w ka fè

Sa w dwe konnen

Afeksyon enpòtan anpil pou yon maryaj ka solid. Menm jan l enpòtan anpil pou yon moun manje e pou l bwè dlo regilyèman pou l ka ret djanm e an sante, se menm jan an tou afeksyon fè yon maryaj vin djanm. Menm apre plizyè dizèn ane maryaj, yon mari ak madanm li bezwen pou toutan pou youn bay lòt asirans li renmen l anpil e l gen sousi pou li.

Vrè lanmou an pa egoyis. Li chèche fè lòt moun nan gen kè kontan. Se sa k fè, olye yon moun marye ki gen konsiderasyon demontre afeksyon sèlman lè li menm oswa moun li marye avè l la anvi sa, li chèche wè bezwen moun li marye avè l la genyen nan domèn afektif e l fè tout sa l kapab pou l konble bezwen sa a.

An jeneral, madanm yo bezwen plis afeksyon pase mari yo. Yon mari ka renmen madanm li anpil anpil. Men, si l montre l renmen l sèlman nan kòmansman oswa nan fen jounen an oubyen anvan yo gen relasyon seksyèl, madanm nan ka santi mari l pa gen sousi pou li toutbon. Li pi bon lontan pou yo demontre afeksyon souvan nan jounen an epi chak jou.

Sa w ka fè

Demontre afeksyon nan pawòl ou. Kèk ti pawòl tankou “Mwen renmen w” oswa “Ou gen anpil enpòtans pou mwen” ka fè moun ou marye avè l la santi ou renmen l.

Prensip Bib la bay: “Pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l.” — Matye 12:34.

Konsèy: Ou pa dwe demontre afeksyon nan pawòl ou sèlman. Ekri yo, tankou nan nòt, nan imel oswa nan mesaj tèks.

Demontre afeksyon nan aksyon w. Yon akolad, yon bo, oswa jis kenbe men moun ou marye avè l la ka montre ou vrèman sensè lè w di l: “Mwen renmen w.” Epitou, ou ka montre w gen sousi toutbon pou li lè w touche l avèk tandrès, lè w fè l yon ti je dou, oswa lè w ba l yon kado nan yon okazyon konsa. E ki sa n ka di konsènan fè yon seri bagay pou madanm ou ki itil, petèt ou ka pote valiz li, ouvri yon pòt, lave asyèt, fè lesiv, oswa fè manje? Pou anpil moun, bagay sa yo plis pase yon èd ki itil, yo se aksyon ki demontre afeksyon!

Prensip Bib la bay: “Youn pa dwe renmen lòt nan bouch [sèlman], ni ak bèl pawòl, men se pou nou aji [...] pou nou montre sa.” — 1 Jan 3:18.

Konsèy: Aji ak moun ou marye a avèk konsiderasyon menm jan w te konn fè sa lè w te renmen avè l.

Kreye tan youn pou lòt. Lè youn pase tan ak lòt sa ranfòse maryaj la e sa bay moun ou marye avè l la asirans ou kontan lè l pase tan avè w. Natirèlman, li ka difisil pou w planifye pou w jwenn tan si w gen timoun oswa si w gen lòt bagay ki nesesè pou w pale sou yo chak jou. Petèt ou ka planifye fè yon bagay ki senp tankou mache ansanm regilyèman, sa vle di nou de a sèlman.

Prensip Bib la bay: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

Konsèy: Gen kèk mari ak madanm ki okipe anpil ki rezève tan regilyèman pou yo soti nan aswè oswa nan wikenn pou yo ka ansanm poukont yo antanke mari ak madanm.

Yon mari ak madanm li k ap manje nan yon restoran.

Aprann konnen moun ou marye avè l la. Chak moun pa gen menm bezwen nan domèn afektif. Pale youn ak lòt sou fason nou chak ta renmen jwenn afeksyon ak si l nesesè pou n demontre plis afeksyon. Apre sa, aji ak dilijans pou w konble bezwen moun ou marye avè l la genyen an. Pa bliye, afeksyon enpòtan anpil pou yon maryaj ka solid.

Prensip Bib la bay: “Lanmou [...] pa chèche pwòp enterè l.” — 1 Korentyen 13:4, 5.

Konsèy: Olye w mande pou w jwenn afeksyon, mande tèt ou: ‘Ki sa m ka fè pou m fè moun mwen marye avè l la ban m plis afeksyon?’

Douglas ak Debra.

“Rive yon lè, m te aprann pou m sispann konsantre m sou bezwen ak anvi m genyen yo. Olye de sa, m te montre m apresye plis sa mari m te deja ap fè pou fanmi an. E m te vin rann mwen kont plis mwen ba l afeksyon, se plis li chèche ban m afeksyon tou.” — Debra, ansanm ak mari l, Douglas.

Aron ak Flavia.

“Nou eseye kenbe nan lespri nou dezi lòt moun nan genyen. Pa egzanp, mari m renmen lè m montre l mwen apresye bagay ki itil li fè pou mwen yo. Se sa k montre l m gen sousi pou li. E m renmen lè l mande m ki jan m santi m. Se sa k montre m li gen sousi pou mwen.” — Flavia, ansanm ak mari l, Aron.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje