BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwwd chap. 32
  • Nich zwazo yo rele “leipoa ocelle”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nich zwazo yo rele “leipoa ocelle”
  • Ki kote mèvèy sa a soti?
  • Sou menm sijè a
  • “ Kenbe nan pawòl mwen ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Sèvi ak prezantasyon ki efikas
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Simen semans Wayòm nan
    Ann chante louwanj pou Jewova
Ki kote mèvèy sa a soti?
ijwwd chap. 32
Yon zwazo yo rele “leipoa ocelle”.

Albert Wright/iStock via Getty Images

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Nich zwazo yo rele “leipoa ocelle” la

Zwazo yo rele “leipoa ocelle” la ki nan sid Ostrali kenbe tanperati nan nich yo ant 31 a 37 degre sèlsiyis (ant 90° a 96°F). Ki jan zwazo a rive kenbe tanperati sa a lajounen kou lannuit pandan tout ane a?

Nan sezon fredi, zwazo a fè yon gwo twou 1 mèt pwofondè e 3 mèt lajè e mal la plen l ak fèy, zèb ak lòt plant. Apre tout plant sa yo fin mouye ak lapli ki tonbe nan fen sezon fredi a, zwazo a fouye yon lòt twou anndan twou a, apre sa li kouvri tout ak tè ki tankou sab. Anvan lontan, plant yo kòmanse pouri e chalè ki fèt akoz fenomèn sa a pwodui yon kouvez natirèl.

Imaj de zwazo ki rele “leipoa ocelle” ak imaj jan anndan nich la fèt. A. Twa ze nan ti twou yo te fouye pou ze yo. B. Konpòs toutotou ti twou a. C. Plizyè kouch tè ki pa anlè kouvez la. D. Mal zwazo ki rele “leipoa ocelle” la k ap grate tè pou kouvri nich la, pandan femèl la ap gade l.

Pou femèl zwazo ki rele “leipoa ocelle” la ponn ze (A), li sèvi ni ak chalè solèy la ni ak chalè plant k ap dekonpoze yo pwodui (B). Lefètke zwazo a ap retire tè, mete tè nan nich la (C), sa pèmèt ze yo rete nan yon tanperati anviwon 34 degre sèlsiyis (93ºF) pandan plizyè mwa. Pou l rive fè sa, zwazo a oblije grate yon gwo kantite tè swa pou retire swa pou mete nan nich la (D).

Chak fwa femèl la pare pou l ponn yon ze, mal la retire tè a pou femèl la ka mete ze a nan dezyèm twou li te fouye a. Epi tousuit, mal la kouvri bit la ak tè ki tankou sab. Femèl la ka ponn jiska 35 ze ant septanm ak fevriye.a

Tanzantan, zwazo yo mete bèk yo nan sab la pou yo tcheke tanperati a. Epi, selon sezon an, yo retire tè oswa yo mete tè. Pa egzanp:

  • Nan sezon prentan, lè plant yo k ap pouri kòmanse fè tanperati nich la monte twòp, mal la grate tè ki anlè kouvez la pou voye chalè deyò. Apre sa, li kouvri nich la ak lòt tè ki pa cho.

  • Pandan sezon ete, mal la mete plis tè sou tèt bit la pou solèy pa boule ze yo. Men, chak maten, byen bonè, li grate tè a, epi li remete l ankò lè nich la ak sab la vin frèt.

  • Nan sezon otòn, lè plant yo fin pouri, mal la retire prèske tout tè yo, konsa, solèy la ka chofe ze yo ak tè a. Annapre, li kouvri bit la ak tè ki cho pou l chofe nich la pandan nuit la.

Chak jou, mal la pase anviwon 5 èdtan ap travay pou l chanje anviwon 1 874 liv tè (850 kilogram). Lefètke mal la toujou ap travay nan tè a, sa gen yon lòt avantaj. Sa pèmèt tè a pa vin di, konsa li pi fasil pou ti zwazo ki fèk kale yo soti.

Gade zwazo ki rele “leipoa ocelle” la k ap grate tè sot nan nich li.

Ki sa w panse? Èske kapasite zwazo ki rele “leipoa ocelle” a genyen pou l kontwole tanperati nan nich li se evolye l evolye? Oswa èske se fè yo te fè l?

a Ze yo kale sou sèt a uit semèn, donk zwazo ki mal la bezwen travay pou kenbe tanperati nich la nan tanperati nòmal la jiska mwa avril.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje