FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO
Nou pa bliye moun ki soud yo
1YE JIYÈ 2022
Jewova vle pou tout moun, kèlkeswa sitiyasyon yo, aprann konnen l ak Wayòm li an ki nan syèl la (1 Timote 2:3, 4). Se poutèt sa Temwen Jewova yo pibliye anpil Bib ak lòt zouti pou ede plis moun posib konprann Bib la, sa gen ladan l moun ki soud yo. Anfèt, òganizasyon nou an pibliye plizyè milye piblikasyon nan lang siy sou fòma videyoa ki disponib nan plis pase 100 lang siy. Ki jan nou rive fè epi distribye piblikasyon sa yo? E ki jan nou aprann fè sa pi byen tank ane yo ap pase?
Ki jan nou fè videyo lang siy yo?
Gen ekip tradiksyon ki tradui piblikasyon nou yo nan lang siy toupatou nan monn nan. Chak moun ki nan ekip sa yo pran san yo pou yo chèche byen konprann piblikasyon yo bezwen tradui a. Apre sa, yo deside ki pi bon fason pou yo tradui enfòmasyon an nan lang siy. Lè yo fin fè sa, yo anrejistre piblikasyon an sou fòma videyo. Pou kounye a, gen 60 ekip ki tradui piblikasyon nan lang siy regilyèman pou ede moun etidye Bib la e gen 40 lòt ekip ki fè sa detanzantan.
Anvan sa, li te koute chè pou n fè videyo nan lang siy. Lontan, kamera ak lòt ekipman pou fè videyo sa yo te koute pi chè. Mete sou sa, nou te konn anrejistre videyo sa yo nan yon stidyo e souvan se nou menm ki te konn oblije fè stidyo sa yo. Gendelè, se yon bilding ki deja egziste nou te konn renove pou n fè stidyo a. Antou, nou konn depanse plis pase 30 000 dolab pou n prepare tout sa yon ekip tradiksyon lang siy t ap bezwen.
Nan objektif pou n byen itilize ofrann yo, òganizasyon nou an travay di pou yo rive fè travay tradiksyon an pi byen e pi senp. Donk, kounye a, nou itilize ekipman ki pi modèn, konsa sa ede n pi byen fè travay la e nou depanse mwens lajan. Olye pou yo itilize yon stidyo, ekip tradiksyon yo ka sèvi ak yon ekran vèt yo mete dèyè do yo pou yo fè anrejistreman an nan biwo yo. Lè yo bezwen plizyè moun pou tradui yon piblikasyon, yo pa bezwen ale nan yon stidyo ankò, chak moun ka anrejistre pati pa l la nan biwo l oswa lakay li.
Mete sou sa, nou devlope aplikasyon pou ede tradiktè lang siy yo fè travay yo. Grasa amelyorasyon sa yo, kounye a, yon ekip tradiksyon ka tradui yon piblikasyon nan mwatye tan li te konn pran anvan sa. Frè ak sè nou yo gen anpil rekonesans pou amelyorasyon sa yo. Men sa yon frè ki rele Alexander di: “Kounye a, videyo lang siy yo soti pi souvan. Sa fè m kontan anpil. Mwen gade videyo yo chak jou.”
Kounye a, li koute mwens pase 5 000 dola pou n achte ekipman ki nesesè yo pou yon ekip tradiksyon. Kòm rezilta, nou ka fè videyo sa yo nan plizyè lòt lang siy.
Ki jan nou distribye videyo lang siy yo?
Lè yon ekip fin anrejistre yon videyo lang siy, moun ki bezwen gade videyo sa yo dwe gen yon mwayen pou yo jwenn yo. Lontan, nou te konn fè kasèt videyo ak DVD, men sa te koute chè, li te pran tan e sa te mande anpil travay. Nou te konn voye videyo yo bay yon konpayi pou fè kopi yo. Apre sa, nou te voye kasèt videyo yo ak DVD yo pou kongregasyon yo. Nan ane 2013 la sèlman, nou te depanse plis pase 2 000 000 dola pou n fè DVD nan lang siy.
Moun ki soud yo te vrèman kontan ak dispozisyon sa yo. Men, li pa t toujou fasil pou moun yo sèvi ak videyo sa yo, sitou lè te vin gen plis kasèt oswa DVD. Gendelè, sa te mande pou yo sèvi ak plizyè DVD pou yo anrejistre yon sèl liv nan Bib la. Men sa yon frè nan peyi Brezil, ki rele Gilnei, di: “Lè n te vle li yon vèsè, nou te dwe jwenn bon kasèt la, apre sa, chèche vèsè a. Sa te difisil anpil.” Men sa yon sè ki rele Rafayane, ki te konn sèvi ak DVD yo, di: “Sa te konn fatigan lè n t ap fè etid pèsonèl nou. Sa te pran anpil tan pou n chèche vèsè yo ak referans yo.” Epitou, lè frè ak sè yo te nan travay predikasyon an, souvan yo te konn mache ak DVD oswa kasèt, konsa yo te ka pase yo nan televizyon moun ki enterese a. Gen kèk frè ki te konn menm mache ak aparèy pou yo jwe DVD yo. Yon ti tan apre, aparèy DVD pòtatif te vin parèt e gen anpil frè ak sè ki te konn sèvi avèk yo. Men sa yon frè ki rele Bobby, k ap viv Ozetazini, fè konnen: “Souvan lè w te fin li yon vèsè, ou te oblije chanje DVD a pou w te ka li yon lòt vèsè. Sa te pran tan e sa te fè l difisil pou n li vèsè yo nan Bib la lè n t ap pale ak moun yo.”
An 2013, òganizasyon Jewova a te fè soti aplikasyon JW Library Sign Language la, sa te pèmèt frè ak sè yo telechaje epi jwe videyo lang siy yo sou yon telefòn entèlijan oswa yon tablèt. Okòmansman, se sèlman nan lang siy ameriken li te disponib. Men, an 2017, aplikasyon an te vin disponib pou tout lòt lang siy yo tou. Toupatou nan monn nan, se pa ti kontan frè ak sè yo te kontan. Men sa Juscelino, yon frè nan peyi Brezil, di: “M pa t ka kwè sa! Mwen t ap plede reflechi jan Kolèj santral la montre yo renmen nou menm, moun soud yo, e jan yo vle pou n fè pwogrè nan laverite menm jan ak moun ki pale yo. M te kontan anpil e aplikasyon an te ankouraje m etidye Labib plis.”
Yon moun k ap itilize aplikasyon JW Library Sign Language la.
Kounye a, nou fè tout videyo lang siy yo sou fòma elektwonik e n mete yo disponib sou sit Entènèt nou an ak sou aplikasyon JW Library Sign Language la. Kòm rezilta, nou ka tradui yon piblikasyon nan lang siy, anrejistre l epi fè l soti nan sèlman kèk jou, olye pou l ta pran kèk mwa oswa kèk ane. Anfèt, gen plizyè lang siy ki rive fè piblikasyon yo soti menm lè ak lang pale yo.
Remake sa kèk frè ak sè n yo ki soud di. Men sa yon sè ki rele Klízia fè konnen: “Ki lòt òganizasyon ki gen anpil sousi konsa pou moun soud yo pou yo ta fè n jwenn piblikasyon yon fason ki vrèman fasil pou ede n bati lafwa n? Pa gen anyen nan monn nan ki ka konpare ak sa òganizasyon Jewova a fè pou nou.” Men sa Vladimir di: “Videyo yo montre m Jewova gen menm sousi pou moun soud yo ak moun ki pale yo.”
Souvan, men ki sa nou jwenn ki ekri sou videyo lang siy nou yo: “Piblikasyon sa a pa pou vann. Nou pibliye l nan kad yon travay ansèyman biblik n ap fè nan lemonnantye. Se ofrann volontè ki rann travay sa a posib.” Nou di w mèsi anpil pou ofrann ou fè yo e anpil moun fè ofrann sa yo sou sit donate.jw.org. Se grasa ofrann sa yo nou rive fè Bib ak lòt piblikasyon pou ede tout moun, sa ki gen ladan l moun ki sèvi avèk piblikasyon lang siy yo.
a Piske lè y ap pale lang siy yo itilize men yo ak ekspresyon sou vizaj yo pou yo kominike ide yo, nou fè piblikasyon lang siy yo sou fòma videyo olye nou fè yo sou fòma enprime.
b Lè yo pale de dola nan atik sa a, y ap pale de dola ameriken.