Nòt anba paj
a Epòk kote Jewova ap fè “tout bagay [...] tounen jan yo te ye anvan an” te kòmanse lè Bondye te etabli Wayòm Mesi a. Se yon eritye wa David, yon moun ki te fidèl, ki alatèt Wayòm sa a. Jewova te pwomèt David li t ap gen yon eritye ki t ap gen pou l dirije pou toutan (Sòm 89:35-37). Men, apre Babilonyen yo te fin detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an, pa t gen yon desandan David ki te vin chita sou twòn Bondye a. Jezi, ki te vin fèt sou tè a e ki te yon eritye David, te reyalize pwomès Bondye te fè David depi lontan an lè li te vin wa nan syèl la.