Nòt anba paj
a Byenke yo rele lanmè sa a lanmè Galile, anfèt se yon lak li ye. Byen souvan, lanmè Galile a te konn gen tanpèt ki fòme sou li sanzatann. Lefètke lak sa a te pi ba pase nivo lanmè a (anviwon 200 mèt pi ba pase nivo lanmè a), tanperati ki sou li a pi cho pase tanperati ki nan zòn nan, sa ki konn lakòz tanpèt sou lak la. Gen gwo van ki soti sou mòn Èmòn, ki nan nò, ki konn vante sou vale Jouden an. Se sa k fè, menmsi tan an parèt kalm, sanzatann ka vin gen gwo tanpèt.