Nòt anba paj
c Farizyen yo te konsidere moun ki pa gen gwo mwayen yo e ki pa twò konn lalwa kòm moun “modi” (Jan 7:49). Yo te fè konnen yo pa t dwe janm anseye yon moun konsa, yo pa t dwe ni nan fè komès avèk yo ni manje avèk yo ni priye avèk yo. Si yo ta kite pitit fi yo marye ak moun sa yo sa t ap pi mal pase si yo ta kite yon bèt sovaj atake pitit fi yo a. Yo te fè konnen pa gen espwa rezirèksyon pou moun konsa.