Nòt anba paj
a Nan Evanjil Lik te ekri a, lè li t ap pale ak Teyofil li te di “sonnekselans Teyofil”. Pou kèk moun, sa ta vle di Teyofil te yon moun ki te gen yon gwo pozisyon, men ki potko kwayan (Lik 1:3). Sepandan, nan liv Travay la, Lik annik di “O Teyofil”. Gen kèk biblis ki panse Teyofil te vin kwayan apre li te fin li Evanjil Lik la. Se pou sa, selon yo menm, Lik pa itilize gwo tit li te itilize pou l te pale avè l anvan an, li ekri l kounye a antanke frè l.