Nòt anba paj
c Areyopaj la te nan nòdwès Akwopòl la. Se la pi gwo tribinal Atèn nan te konn reyini. Lè yo itilize mo “Areyopaj” la, li ka vle di swa moun nan tribinal la, swa ti mòn kote tribinal la te ye a. Se sa k fè, lè yo di yo t ale ak Pòl nan Areyopaj la, tout biblis yo pa konprann pawòl sa yo menm jan. Genyen ki di se sou ti mòn nan yo te mennen Pòl, gen lòt ki panse se toupre ti mòn nan e gen kèk lòt ki di se devan moun nan tribinal la yo te mennen l, lè sa a tribinal la te reyini yon lòt kote, petèt sou plas piblik la.