Nòt anba paj
b Kèk ane apre sa, apot Pòl te ekri kretyen ebre yo yon lèt kote l te montre yo nouvo alyans lan pi bon lontan pase ansyen alyans lan. Nan lèt sa a, li te montre aklè nouvo alyans lan te kaba ansyen alyans lan. Nonsèlman Pòl te bay yon seri prèv solid kretyen juif yo t ap ka itilize pou yo reponn Juif ki t ap kritike yo, men tou, pa gen dout nan sa, rezònman Pòl la, ki te gen anpil fòs, te fòtifye lafwa kèk kretyen ki te konsantre twòp sou Lwa Moyiz la. — Ebre 8:7-13.