Nòt anba paj
b Se te yon lwa estrawòdinè. Se sèten, pou Rit, lwa sa a pa t sanble ak okenn lwa nan peyi Mowab yo. Nan epòk sa a, nan zòn ansyen Pwòch Oryan an, moun yo pa t byen boule ak vèv yo. Men sa yon liv referans fè konnen: “Lè mari yon fi te mouri, nòmalman vèv la te dwe konte sou pitit gason l yo pou ede l. Si l pa t gen pitit gason, li te ka oblije vann tèt li kòm esklav oswa li te ka oblije lage kò l nan pwostitisyon pou l viv, si se pa sa li t ap mouri.”