Nòt anba paj
b An jeneral, Mòn Kamèl te konn gen anpil plant ak pyebwa ki te byen vèt. Rezon an se paske van ki sot sou lanmè a te konn vin ak lapli ak anpil lawouze sou mòn nan. Etandone moun yo te di se Baal ki te konn pote lapli, sanble Mòn Kamèl te yon bon kote pou yo t al adore Baal. Lefètke mòn nan pa t gen anpil pyebwa sou li ankò e li te vin sèch, mòn sa a se te pi bon kote pou moun yo wè adorasyon Baal la pa t kanpe sou anyen.