Nòt anba paj
a Nan ane 1932, nan volim 2 liv Jistifikasyon (anglè), yo te montre pwofesi biblik ki gen rapò ak tounen pèp Bondye a t ap retounen nan peyi yo a te jwenn yon akonplisman nan epòk nou an. Akonplisman sa a pa t fèt sou Izrayèl selon lachè a, men, li te fèt sou Izrayèl espirityèl la. Pwofesi sa yo te pale konsènan tounen vrè adorasyon an t ap tounen jan l te ye anvan an. Toudegad 1ye mas 1999 la te montre, vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan se yon pwofesi ki montre bagay yo t ap retounen jan yo te ye a. Pwofesi sa a gen yon akonplisman ki enpòtan anpil pandan dènye jou yo nan domèn espirityèl.