Nòt anba paj
a Ki jan nou fè konnen Papa a te bay Pitit la fòmasyon sou fason pou Pitit la anseye? Fè yon ti reflechi: Kantite egzanp Jezi te itilize lè l t ap anseye yo te reyalize yon pwofesi ki te ekri plizyè santèn ane anvan Jezi te fèt (Sòm 78:2; Mat. 13:34, 35). Sa klè, Jewova, Moun ki te fè ekri pwofesi sa a, te gentan di alavans Pitit li a t ap gen pou l sèvi ak egzanp oswa parabòl pou l anseye. — 2 Tim. 3:16, 17.