Nòt anba paj
a Nan Bib la, “ rayi ” gen plizyè siyifikasyon. Nan kèk kontèks, li tou senpleman vle di renmen mwens (Detewonòm 21:15, 16). “ Rayi ” kapab vle di tou pa renmen yon bagay, men, san moun ki pa renmen bagay la pa gen nan entansyon l pou fè anyen ki mal, li tou senpleman evite l paske bagay sa a ba l degoutans. Men, “ rayi ” kapab vle di pa vle wè yon bagay, e souvan, lahèn sa a gen mechanste ladan l. Se dènye sans sa a n ap konsidere nan atik sa a.