Nòt anba paj
b Dabitid, mòn Kamèl toujou kouvri ak anpil plant ak pyebwa ki byen vèt paske van ki sot nan lanmè a e ki chaje ak imidite pase sou li, e souvan, van sa a pote lapli ak anpil lawouze. Baal te swadizan yon dye ki bay lapli e pou rezon sa a, mòn Kamèl sanble te yon kote ideyal pou adorasyon Baal. Lefètke mòn nan pa t gen anpil pyebwa sou li ankò e li te vin sèk, se te yon bon kote pou Eliya pwouve adorasyon Baal pa t itil anyen.