Nòt anba paj
a Li difisil pou yo tradui mo apot Pòl te itilize a ak yon sèl mo. Gen yon ouvraj referans ki fè konnen mo rezonab la “ gen ladan l dispozisyon yon moun genyen pou l pase sou dwa li genyen e pou l aji ak pwochen l avèk konsiderasyon e avèk dousè ”. Donk, mo sa a dekri yon moun ki soumèt e ki rezonab, ki pa strik lè l ap aplike lwa yo e ki pa toujou ap defann dwa l.