Nòt anba paj
a Maniskri Labib ki pi fyab yo pa mete vèsè 44 ak vèsè 46 la. Biblis yo rekonèt sanble se annapre yo te ajoute yo. Men sa pwofesè Archibald T. Robertson ekri : “ Maniskri ki pi ansyen yo e ki pi egzak yo pa mete de vèsè sa yo. Yo soti nan gwoup maniskri ki soti nan lwès yo ak nan sa k soti nan peyi Siri yo (Bizans). Vèsè sa yo di menm bagay ak vèsè 48 la. Pakonsekan, nou pa mete vèsè 44 ak vèsè 46 la nan tradiksyon pa nou an paske yo pa t la vre. ”