Nòt anba paj
a Men, ki sa k ap pase si timoun k ap devlope a sanble pa nòmal oswa ki sa k ap pase si gen plizyè anbriyon ki antre nan matris fi a? Si yon moun ta chwazi kanpe gwosès li, li t ap fè yon avòtman. Souvan, sa rive kote moun ki chwazi fè pitit grasa teknik FIV a konn gen plizyè pitit nan vant yo (marasa, twa oswa plis toujou), sa ki konn ogmante risk pou moun sa a akouche anvan lè epi pou l fè yon emoraji. Yo kapab mande yon fi ki gen plizyè pitit nan vant li pou l “chwazi pitit l ap retire yo”, sa k ap lakòz youn oswa plizyè nan yo mouri. Yon moun ki chwazi fè yon bagay konsa fè yon avòtman. Se kòmsi li asasinen tibebe ki nan vant li yo. — Egz. 21:22, 23; Sòm 139:16.