Nòt anba paj
a Ekspresyon “monn nan te fonde” a, bay ide lè moun kòmanse fè pitit, donk li gen rapò ak premye moun ki te viv sou tè a. Men, poukisa Jezi te pale de Abèl antanke moun ki t ap viv lè “monn nan te fonde” a, e li pa t di sa pou Kayen ki te premye pitit Adan ak Èv? Desizyon Kayen te pran yo ak fason l te aji montre se espre li te fè lè l te rebele kont Jewova. Menm jan ak Adan ak Èv, sanble Kayen pap resisite e li pap jwenn padon pou peche l yo.