Nòt anba paj
a Egzanp Jezi a montre koutim Juif yo te genyen e fason yo te konn aji. Juif yo te konsidere demontre ospitalite kòm yon gwo responsablite. An jeneral, yon fanmi te konn fè ase pen pou yon jounen. Konsa, lè pwovizyon fanmi an te fini, se te yon abitid pou yo te mande prete sa yo bezwen an. Anplis de sa, si fanmi an te pòv, tout moun nan fanmi an te dòmi atè nan yon sèl chanm.