Nòt anba paj
b Nan zòn Chenea, gen akeyològ ki te detere plizyè zigoura, sa vle di tanp ki gen fòm tou an piramid. Bib la di moun ki t ap konstwi Tou Babèl yo te sèvi ak brik yo pa t sèvi ak wòch, epi kòm mòtye, yo te itilize yon bagay ki tankou asfat yo rele bitim (Jenèz 11:3, 4). Gen yon ansiklopedi ki di, nan peyi Mezopotami, “wòch se yon bagay ki te ra anpil oubyen pa t gen wòch ditou”, poutan, te gen anpil bitim nan peyi a. — The New Encyclopædia Britannica.