Nòt anba paj
a Gen kèk moun k ap fè rechèch ki fè konnen frè Jozèf yo te entèprete kado papa yo te bay Jozèf la kòm yon prèv ki montre li te vle bay Jozèf dwa premye pitit la. Yo te konnen Jozèf se te premye pitit gason Jakòb te fè ak madanm li te pi renmen an, madanm li te vle marye avè l an premye a. Mete sou sa, Ribenn, premye pitit Jakòb la, te kouche ak youn nan madanm papa l te gen sou kote yo, li te fè papa l wont e sa te tou lakòz li pèdi dwa premye pitit la. — Jenèz 35:22; 49:3, 4.