Nòt anba paj
b Anvan Izrayelit yo t al fè lagè ak Kananeyen yo, yo pa t fè Kananeyen yo konnen sa yo dwe fè si yo vle fè lapè avèk yo. Poukisa yo pa t fè sa? Paske Bondye te bay Kananeyen yo 400 an pou yo te chanje move fason yo t ap aji. Nan moman Izrayelit yo te vin fè lagè ak Kananeyen yo, antanke gwoup, Kananeyen yo te mechan yo pa t vle chanje (Jenèz 15:13-16). Konsa, Izrayelit yo te dwe elimine yo nèt. Sepandan, lè yon Kananeyen te chanje fason li te konn aji yo te epaye l. — Jozye 6:25; 9:3-27.