Nòt anba paj
b Sara te sè Abraram bò kot papa. Se Tera ki te papa yo, men, yo pa t menm manman (Jenèz 20:12). Byenke li pa kòrèk pou moun fè maryaj konsa jodi a, li bon pou n sonje bagay yo te diferan nan epòk sa a. Lèzòm te pi pre pèfeksyon Adan ak Èv te pèdi a. Pou moun sa yo ki te djanm anpil, sanble maryaj ant de moun ki sot nan fanmi pre pa t gen efè sou san timoun yo. Sepandan, anviwon 400 an annapre, kantite ane moun yo te konn viv te vin menm ak epòk nou an. Lè sa a, Lwa Moyiz la te vin entèdi maryaj ant de moun ki sot nan fanmi pre. — Levitik 18:6.