Nòt anba paj
a Li konn vrèman difisil pou manman ki soufri depresyon apre yo fin akouche rive gen yon kontak sere sere ak tibebe yo fèk fè a. Men, yo pa dwe santi yo koupab poutèt sa. Selon Enstiti nasyonal sante mantal Ozetazini, yon moun ka vin fè depresyon apre akouchman “petèt akoz pwoblèm fizik oswa afektif li genyen [...] men sa pa gen anyen pou wè ak sa yon manman fè oswa ak sa li pa fè”. Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a, gade atik ki gen tit “Comprendre la dépression postnatale” nan Reveye n! 8 jen 2003, fransè.