Nòt anba paj
b PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Jewova te bay Izrayelit yo plis pase 600 lwa pa mwayen Moyiz. E lè y ap pale de lwa sa yo, yo rele yo: “Lalwa”, “Lwa Moyiz la” ak “kòmandman yo”. Mete sou sa, souvan yo konn pale de senk premye liv nan Bib la (soti Jenèz pou rive Detewonòm) kòm Lalwa. Pafwa yo konn sèvi ak ekspresyon sa a pou pale de tout liv Bondye te enspire ki nan Liv ki te ekri ann Ebre yo.