Nòt anba paj
f Mete sou sa, nou dwe evite yon seri òganizasyon tankou kan pou jèn oswa kote yo fè distraksyon ki gen rapò ak fo relijyon. Pa egzanp, konsènan gwoup ki rele YMCA (Asosyasyon jèn gason ki kretyen), gade “Kesyon lektè yo poze” ki te parèt nan Toudegad 1ye janvye 1979 (fransè). Se menm pozisyon sa a nou dwe pran ak YWCA (Asosyasyon jèn fi ki kretyen). Menm lè gen kèk asosyasyon lokal ki gen rapò ak YMCA oswa YWCA ki fè konprann aktivite k ap fèt ladan yo pa gen rapò ak relijyon, anfèt, rasin òganizasyon sa yo ak objektif yo gen rapò ak relijyon.