Nòt anba paj
c ESPLIKASYON SOU FOTO: Gade ki jan yon etid Labib kapab chanje lavi yon moun: Okòmansman, yon mesye te santi lavi l pa gen sans, e li pa t konnen Jewova. Annapre, Temwen yo rankontre l pandan y ap preche e li aksepte yon etid Labib. Sa yo te anseye l yo te pouse l vwe Jewova lavi l epi li te batize. Rive yon lè, li menm tou li ede lòt moun pou yo vin disip. Finalman, yo tout ap viv ak kè kontan nan Paradi a.