Nòt anba paj
a Nou renmen Jewova anpil, e nou vle fè l plezi. Jewova sen, e li vle pou moun k ap adore l yo sen. Èske moun enpafè kapab sen? Wi, sa posib. Lè n byen egzamine konsèy apot Pyè te bay kwayan parèy li yo ak enstriksyon Jewova te bay pèp Izrayèl tan lontan an, sa ap ede n wè ki jan nou kapab vin sen nan tout konduit nou.