Nòt anba paj
a Timote te gen anpil eksperyans nan preche bon nouvèl la. Epoutan, apot Pòl te ankouraje l kontinye fè pwogrè. Piske Timote te suiv konsèy Pòl te ba l la, li te vin pi itil Jewova e l te vin pi itil frè ak sè yo. Menm jan ak Timote, èske w vrèman anvi sèvi Jewova ansanm ak kwayan parèy ou yo pi plis toujou? Se sèten w vle fè sa. Ki objektif ou kapab chèche genyen k ap ede w fè sa? E ki sa w bezwen fè pou w ka gen objektif sa yo e pou w reyalize yo?