Nòt anba paj
a Li pa fasil pou n jwenn moun k ap fè sa ki jis nan monn mechan sa a. Epoutan, gen plizyè milyon moun jodi a k ap fè sa ki jis. Sandout, ou se youn nan yo. W ap fè sa ki jis paske w renmen Jewova, e Jewova renmen sa ki jis. Ki jan nou ka vin pi renmen bèl kalite sa a? Nan atik sa a, nou pral egzamine ki sa sa ki jis vle di, e ki jan n ap jwenn byenfè lè n renmen sa ki jis. Nou pral wè tou ki sa nou kapab fè pou n vin pi renmen kalite sa a.