Nòt anba paj
a Nou ankouraje youn lòt lè n fè kòmantè nan reyinyon. Sepandan, gen moun ki santi yo pè fè kòmantè. Gen lòt moun ki renmen fè kòmantè, men yo ta renmen yo ba yo posiblite pou yo fè kòmantè pi souvan. Kèlkeswa sitiyasyon an, ki jan n ka montre n gen konsiderasyon youn pou lòt yon fason pou nou tout ka jwenn ankourajman? E ki jan n ka fè kòmantè k ap ankouraje frè n ak sè n yo pou yo renmen youn lòt e pou yo fè bèl aksyon? Se sa nou pral wè nan atik sa a.