Nòt anba paj
f ESPLIKASYON SOU FOTO : De sè priye anvan yo ranpli fòmilè pou Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Apre sa, yo envite youn nan sè yo, men yo pa envite lòt la. Sè yo pa envite a pa vin tris depase limit. Okontrè, li priye Jewova pou l ede l wè lòt posiblite li genyen pou l fè plis nan travay predikasyon an. Apre sa, li ekri biwo filyal la pou fè yo konnen li dispoze al sèvi kote ki gen plis bezwen.