Nòt anba paj
d Wa Aza te fè yon seri peche grav (2 Kwo. 16:7, 10). Aktout sa, Bib la fè konnen li te fè sa ki dwat nan je Jewova. Lè Jewova te voye yon pwofèt al korije l, byenke okòmansman li te mal reyaji, petèt li te vin repanti annapre. Jewova te plis wè bèl kalite li te genyen olye l te wè move bagay li te fè yo. Yon bagay ki enpòtan, sèke se sèlman Jewova Aza te adore, e l te fè anpil efò pou l elimine fo adorasyon nan wayòm li an. — 1 Wa 15:11-13; 2 Kwo. 14:2-5.