Nòt anba paj
a Evanjil yo ak lòt liv nan Bib la montre Jezi te parèt devan disip li yo nan plizyè okazyon apre l fin resisite. Li te parèt devan Mari, moun Magdala (Jan 20:11-18); devan lòt fi (Mat. 28:8-10; Lik 24:8-11); devan 2 disip (Lik 24:13-15); devan Pyè (Lik 24:34); devan apot yo eksepte Toma (Jan 20:19-24); devan apot yo, Toma te la tou (Jan 20:26); devan 7 disip (Jan 21:1, 2); devan plis pase 500 disip (Mat. 28:16; 1 Kor. 15:6); devan Jak, frè l la (1 Kor. 15:7); devan tout apot yo (Tra. 1:4); e devan apot yo toupre Betani (Lik 24:50-52). Petèt li te parèt nan lòt okazyon, men Bib la pa di anyen sou sa. — Jan 21:25.