Nòt anba paj
b Li posib pou ekriven Labib ki kretyen yo te sèvi ak non Bondye lè yo site “Ansyen Testaman” an ki gen non Bondye ladan l. Men sa The Anchor Bible Dictionary fè konnen: “Nou jwenn prèv ki montre lè yo t ap ekri Nouvo Testaman an, yo te itilize Tetragram nan ki se non Bondye, oubyen Yawe nan kèk oswa nan tout sitasyon yo te pran nan Ansyen Testaman an.” (Volim 6, paj 392). Pou plis enfòmasyon, gade Apendis A5 nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a ki gen tit: “Non Bondye nan Liv ki te ekri an grèk yo”. Apendis C2 nan Bib etid Tradiksyon monn nouvo a (anglè), gen yon lis tradiksyon Labib ki sèvi ak non Bondye nan Women 10:13.