Jij
2 Apre sa, zanj Jewova a+ sot Gilgal+, li monte al Bokim epi li di: “Mwen te fè nou soti nan peyi Ejip pou nou rantre nan peyi mwen te fè zansèt nou yo sèman m ap ba yo l la+. Mete sou sa, mwen te di nou: ‘Mwen pap janm kraze alyans mwen fè avèk nou an+. 2 E nou menm, bò kote pa nou, nou pa dwe fè alyans ak moun ki abite nan peyi sa a+, men nou dwe kraze lotèl yo+.’ Poutan, nou pa t koute m+. Poukisa nou aji konsa? 3 Se sa k fè m te di tou: ‘Mwen pap mete yo deyò nan peyi a+, y ap pran nou nan pyèj+ e dye y ap sèvi yo ap fè nou kite m+.’”
4 Lè zanj Jewova a fin di Izrayelit yo tout pawòl sa yo, pèp la pran kriye byen fò. 5 Se sa k fè yo te rele kote sa a Bokim*. Epi, yo te fè sakrifis pou Jewova kote sa a.
6 Lè Jozye voye pèp la ale, chak Izrayelit t al kote yo te ba yo kòm eritaj la pou yo ka pran peyi a kòm byen pa yo+. 7 Pèp la te kontinye sèvi Jewova pandan tout tan Jozye te fè ap viv la e pandan tout tan ansyen ki te kontinye viv apre Jozye yo te la, ansyen ki te wè tout gwo aksyon Jewova te fè pou Izrayèl yo+. 8 Jozye, pitit gason Noun nan, sèvitè Jewova a, te mouri lè l te gen 110 an+. 9 Epi, yo te antere l Timnaterès, nan tèritwa kote eritaj li a te ye a+, nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan, nan nò Mòn Gaach+. 10 Tout moun ki te nan jenerasyon Jozye yo t al menm kote ak zansèt yo*, e gen yon lòt jenerasyon ki te vini, ki pa t konnen Jewova e ki pa t konnen sa l te fè pou Izrayèl.
11 Konsa, Izrayelit yo te fè sa ki mal nan je Jewova e yo t al sèvi Baal yo+. 12 Epi, yo te kite Jewova, Bondye zansèt yo a, ki te fè yo kite peyi Ejip la+. Yo t al sèvi lòt dye, dye pèp ki toutotou yo+ t ap sèvi yo. Yo te pwostène devan dye sa yo e yo te fè Jewova fache anpil+. 13 Yo te kite Jewova, yo t al sèvi Baal ak imaj Achtorèt yo+. 14 Sa te fè Jewova vin an kòlè anpil kont pèp Izrayèl la. Se sa k fè li te lage yo nan men yon seri moun ki t ap dechèpiye yo+. Li te lage yo nan men ènmi ki t ap viv toutotou yo+, e yo pa t ka kenbe tèt ak ènmi sa yo ankò+. 15 Kèlkeswa kote yo t ale, Jewova te kont yo. Malè te tonbe sou yo+ jan Jewova te di yo sa e jan Jewova te fè yo sèman l t ap fè yo sa a+. Yo te soufri anpil+. 16 Se sa k fè Jewova te ba yo jij ki te konn sove yo anba men moun ki t ap dechèpiye yo+.
17 Men, yo te refize koute menm jij yo. Yo te konn adore lòt dye* e yo te konn pwostène devan yo. Yo pa t pran tan pou yo kite chemen zansèt yo t ap mache sou li a, zansèt ki te konn obeyi kòmandman Jewova yo+. Yo pa t rive obeyi kòmandman Bondye yo. 18 Lè Jewova te ba yo yon jij+, Jewova te avèk jij la e li te konn sove yo anba men ènmi yo pandan jij la te vivan, paske Jewova te gen pitye pou yo*+ poutèt yo t ap plenyen akoz moun ki t ap toupizi yo+, ki t ap maltrete yo.
19 Men, lè jij la te mouri, yo te konn rekòmanse aji pi mal pase zansèt yo. Yo te konn al sèvi lòt dye e yo te konn pwostène devan yo+. Yo te fè tèt di e yo pa t sispann fè move bagay yo t ap fè yo. 20 Finalman, Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp Izrayèl la+ e li te di: “Kòm nasyon sa a vyole alyans mwen te fè+ avèk zansèt yo a e yo dezobeyi m+, 21 mwen pap chase pa menm youn nan nasyon ki rete nan peyi a apre Jozye fin mouri a+. 22 M ap fè sa pou m wè si pèp Izrayèl la ap kontinye mache nan chemen Jewova yo+ menm jan ak zansèt yo.” 23 Se sa k fè Jewova te kite nasyon sa yo rete nan peyi a. Li pa t kouri chase yo e li pa t lage yo nan men Jozye.