Jij
21 Mesye Izrayèl yo te fè yon sèman nan Mispa+, yo te di: “Okenn nan nou pap bay mesye Benjamen yo pitit fi nou kòm madanm+.” 2 Apre sa, Izrayelit yo al Betèl+. Yo ret chita la devan vrè Dye a jiskaske li vin aswè. Yo t ap rele e yo t ap kriye ak anpil lapenn. 3 Yo t ap di: “O Jewova, Bondye Izrayèl la, poukisa yon bagay konsa rive nan peyi Izrayèl? Poukisa gen youn nan tribi Izrayèl yo ki manke jodi a?” 4 Nan demen, yo leve byen bonè e yo bati yon lotèl nan Betèl pou yo ofri Bondye bèt kòm sakrifis yo boule nèt ak bèt kòm sakrifis kominyon*+.
5 Apre sa, moun nan pèp Izrayèl la di: “Kiyès nan tout tribi Izrayèl yo ki pa t la lè nou te reyini devan Jewova nan Mispa a?” Paske, yo te fè yon gwo sèman, yo te di si yon moun pa t vin devan Jewova nan Mispa, y ap touye l san mank. 6 Moun nan pèp Izrayèl la te nan lapenn akoz sa ki te rive moun nan tribi Benjamen yo, ki se frè yo. Yo te di: “Jodi a gen youn nan tribi Izrayèl yo ki pa la ankò. 7 Ki sa nou dwe fè pou moun Benjamen ki rete yo ka jwenn fi pou yo marye piske nou te fè sèman devan Jewova+ nou pap ba yo pitit fi nou yo kòm madanm+?”
8 Apre sa, yo mande: “Kiyès nan tribi Izrayèl yo ki pa t vin devan Jewova nan Mispa+?” Twouve, pa t gen okenn moun nan Jabèsgalaad ki te la lè pèp la te rasanble a. 9 Lè yo te konte moun yo, yo te wè pa t gen okenn moun Jabèsgalaad ki te la. 10 Se sa k fè moun ki te rasanble yo te voye 12 000 gason pami gason ki pi vanyan yo Jabèsgalaad. Men lòd yo te ba yo: “Al touye moun Jabèsgalaad yo ak kout epe, san wete fi ak timoun+. 11 Men sa nou dwe fè: Touye tout gason yo ak tout fi ki deja kouche ak yon gason.” 12 Pami moun Jabèsgalaad yo, yo te jwenn 400 fi ki te vyèj, ki pa t janm kouche ak gason. Yo te mennen yo nan kan an, nan Silo+, nan peyi moun Kanaran yo.
13 Apre sa, moun ki te rasanble yo voye mesaj bay moun Benjamen ki te sou mas wòch ki Rimon an+ pou yo mande yo fè lapè. 14 Kidonk, moun Benjamen yo te tounen nan tèritwa yo nan epòk sa a. Moun Izrayèl yo te ba yo fi yo pa t touye Jabèsgalaad yo kòm madanm+, men, yo pa t jwenn ase fi pou yo. 15 Izrayelit yo te tris anpil akoz sa ki te rive moun Benjamen yo+ paske Jewova te met divizyon nan mitan tribi Izrayèl yo. 16 Ansyen yo nan asanble a te di: “Ki sa n ap fè pou nou jwenn madanm pou mesye ki rete yo piske tout fi nan tribi Benjamen yo mouri?” 17 Yo te di: “Moun tribi Benjamen ki rete yo ta dwe gen yon eritaj tou, yon fason pou tribi sa a pa disparèt nan peyi Izrayèl. 18 Men, nou pa gen dwa ba yo pitit fi nou yo kòm madanm, paske pèp Izrayèl la te fè sèman, yo te di: ‘Malè pou moun ki bay moun Benjamen yo yon madanm+.’”
19 Epi, yo di: “Tande, gen yon fèt yo fè chak ane pou Jewova nan Silo+, nan nò Betèl, alès wout prensipal ki sot Betèl pou l al Sichèm nan, nan sid Lebona.” 20 Kidonk, yo bay mesye Benjamen yo lòd, yo di yo: “Al pare yon anbiskad nan mitan pye rezen yo. 21 Lè nou wè ti medam* Silo yo k ap soti pou yo fè wonn pandan y ap danse, nou chak dwe soti kote nou kache nan mitan pye rezen yo e nou chak dwe pran yon fi pami ti medam Silo yo pou l vin madanm nou. Apre sa, n a tounen nan tèritwa tribi Benjamen an. 22 Si papa ti medam nou pran yo oswa frè yo vin pote nou plent pou nou, n ap di yo: ‘Fè nou favè pou mesye sa yo, paske nou pa t kapab jwenn yon madanm nan lagè pou yo chak+. Epitou, nou pa t ka ba yo yon madanm paske nou t ap vin koupab+.’”
23 Mesye Benjamen yo te fè sa vre, yo chak te pran yon fi pou vin madanm yo pami ti medam ki t ap danse yo. Apre sa, yo tounen nan tèritwa yo, yo rebati vil yo+ e yo rete ladan yo.
24 Annapre, mesye Izrayèl yo kite zòn nan e yo chak al nan tribi pa yo, nan fanmi pa yo. Yo chak te kite zòn nan e yo t al nan eritaj pa yo.
25 Nan epòk sa a, pa t gen wa ann Izrayèl+, chak moun te konn fè sa ki dwat nan je pa l*.