BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 11
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Sayil pot laviktwa sou moun Amon yo (1-11)

      • Yo fè konnen ankò se Sayil ki wa (12-15)

1 Samyèl 11:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “akò”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 2:19
  • +Jj 21:8; 1Sa 31:11, 12

1 Samyèl 11:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 10:26; 14:2

1 Samyèl 11:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 3:9, 10; 6:34; 11:29; 14:5, 6; 1Sa 10:10, 11; 16:13

1 Samyèl 11:7

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “tankou yon sèl moun”.

1 Samyèl 11:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 11:3

1 Samyèl 11:11

Nòt anba paj

  • *

    Soti vè dezè dimaten rive sizè dimaten.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 11:1

1 Samyèl 11:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 10:26, 27

1 Samyèl 11:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 19:22

1 Samyèl 11:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 7:15, 16
  • +1Sa 10:17, 24

1 Samyèl 11:15

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ofrann lapè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 7:11
  • +1Wa 1:39, 40; 2Wa 11:12, 14; 1Kw 12:39, 40

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 11:1Dt 2:19
1 Sam. 11:1Jj 21:8; 1Sa 31:11, 12
1 Sam. 11:41Sa 10:26; 14:2
1 Sam. 11:6Jj 3:9, 10; 6:34; 11:29; 14:5, 6; 1Sa 10:10, 11; 16:13
1 Sam. 11:101Sa 11:3
1 Sam. 11:111Sa 11:1
1 Sam. 11:121Sa 10:26, 27
1 Sam. 11:132Sa 19:22
1 Sam. 11:141Sa 7:15, 16
1 Sam. 11:141Sa 10:17, 24
1 Sam. 11:15Le 7:11
1 Sam. 11:151Wa 1:39, 40; 2Wa 11:12, 14; 1Kw 12:39, 40
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 11:1-15

1 Samyèl

11 Annapre, Nahach, youn nan desandan Amon yo+, te vin fè lagè ak moun nan vil Jabès+, nan tèritwa Galaad. Tout mesye nan Jabès yo te di Nahach: “Fè yon alyans* avèk nou e n ap vin sèvitè w.” 2 Nahach, desandan Amon an, di yo: “M ap fè alyans lan avèk nou akondisyon mwen pete je dwat nou tout. M ap fè sa pou m imilye tout pèp Izrayèl la.” 3 Ansyen ki nan Jabès yo reponn li: “Ban nou sèt jou pou nou ka voye moun al pote mesaj la nan tout tèritwa Izrayèl. Konsa, si pèsonn pa vin sove nou, n ap rann tèt nou ba ou.” 4 Mesaje yo ale, yo rive Gibeya+ kote Sayil te rete a e yo rakonte pèp la tout pawòl sa yo, epi tout pèp la pran rele ak tout fòs yo.

5 Twouve, Sayil te sot wè bèt li yo nan savann nan. Epi li mande: “Ki sa pèp la genyen? Poukisa y ap kriye?” Yo di l tout pawòl mesye nan Jabès yo te di yo. 6 Lespri Bondye te desann sou Sayil+ lè l tande pawòl sa yo, e li te vin fache anpil. 7 Se sa k fè li te pran de towo bèf, li koupe yo fè plizyè moso e li bay mesaje yo moso vyann yo pou yo pote nan tout tèritwa Izrayèl yo, epi mesaje yo di: “Se sa y ap fè bèt nenpòt moun ki pa obeyi lòd Sayil ak Samyèl bay.” E pèp la te vin gen lakrentif pou Jewova, konsa, yo tout te soti ak yon sèl lide nan tèt yo*. 8 Epi, Sayil te konte pèp la nan Bezèk, te gen 300 000 Izrayelit e te gen 30 000 gason ki te sot Jida. 9 Men sa Sayil ak sòlda l yo te di mesaje ki te vini yo: “Men sa pou n di mesye ki nan vil Jabès nan Galaad la: ‘Demen, lè solèy la vin cho, n ap sove nou.’” Menm kote a, mesaje yo al di mesye nan Jabès yo sa, e mesye yo te kontan anpil. 10 Konsa, mesye nan Jabès yo di Nahach: “Demen, n ap rann tèt nou ba ou, e ou mèt fè sa w vle avèk nou+.”

11 Nan demen, Sayil fè pèp la fè twa gwoup, yo antre nan kan an avanjou* e yo kòmanse touye desandan Amon yo+ rive jis lè solèy la vin cho. Moun ki te chape yo te tèlman gaye, pa t gen de moun ki te ret ansanm. 12 Apre sa, pèp la di Samyèl: “Kot moun ki te di: ‘Èske Sayil ap vin wa sou nou’ yo+? Mennen yo la a pou nou touye yo.” 13 Men, Sayil di yo: “Pinga nou touye yon grenn moun jodi a+, paske jodi a Jewova sove pèp Izrayèl la.”

14 Annapre, Samyèl di pèp la: “Ann al Gilgal+ pou nou refè konnen se Sayil ki wa+.” 15 Vrèmanvre, tout pèp la leve y al Gilgal. Lè yo rive, yo mete Sayil wa devan Jewova. Apre sa, yo fè sakrifis kominyon* nan Gilgal devan Jewova+. Epi, Sayil ak tout mesye ann Izrayèl yo te fè yon gwo fèt e yo te kontan anpil+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje