BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 22
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • David nan Adoulam ak Mispe (1-5)

      • Sayil fè touye prèt vil Nòb yo (6-19)

      • Abyata chape (20-23)

1 Samyèl 22:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 21:10
  • +Joz 15:20, 35; 2Sa 23:13; Sm 34:19; 56:13

1 Samyèl 22:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “e nanm yo te anmè”.

1 Samyèl 22:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Rt 4:10, 17; 1Sa 14:47

1 Samyèl 22:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:1

1 Samyèl 22:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 24:11, 12; 1Kw 21:9, 10; 29:29; 2Kw 29:25
  • +1Sa 23:3

1 Samyèl 22:6

Nòt anba paj

  • *

    Se yon pyebwa fèy li pa gwo e yo toujou vèt, epi lè l fleri li fè flè woz oswa blan.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 10:26

1 Samyèl 22:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Rt 4:22
  • +1Sa 8:11, 12

1 Samyèl 22:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:3; 20:17

1 Samyèl 22:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 21:1, 7; Sm 52:pawòl ki anlè tèt
  • +Sm 52:2, 3
  • +1Sa 14:3; 22:20

1 Samyèl 22:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 21:6, 9

1 Samyèl 22:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pami tout sèvitè w yo ki fidèl”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 19:4; 20:32; 24:11; 26:23
  • +1Sa 17:25; 18:27
  • +1Sa 18:5, 13

1 Samyèl 22:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:10
  • +1Sa 21:1, 2

1 Samyèl 22:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:44; 20:31
  • +1Sa 2:27, 32

1 Samyèl 22:17

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “mesye ki konn kouri yo”.

1 Samyèl 22:18

Nòt anba paj

  • *

    Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 52:pawòl ki anlè tèt
  • +Jen 25:30
  • +1Sa 2:27, 31

1 Samyèl 22:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 21:1; 22:9

1 Samyèl 22:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 23:6; 30:7; 2Sa 20:25; 1Wa 2:27

1 Samyèl 22:22

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “tout nanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 21:1, 7

1 Samyèl 22:23

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “k ap chèche nanm ou”.

  • *

    Oswa: “se nanm mwen l ap chèche tou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 2:26

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 22:11Sa 21:10
1 Sam. 22:1Joz 15:20, 35; 2Sa 23:13; Sm 34:19; 56:13
1 Sam. 22:3Rt 4:10, 17; 1Sa 14:47
1 Sam. 22:41Sa 22:1
1 Sam. 22:52Sa 24:11, 12; 1Kw 21:9, 10; 29:29; 2Kw 29:25
1 Sam. 22:51Sa 23:3
1 Sam. 22:61Sa 10:26
1 Sam. 22:7Rt 4:22
1 Sam. 22:71Sa 8:11, 12
1 Sam. 22:81Sa 18:3; 20:17
1 Sam. 22:91Sa 21:1, 7; Sm 52:pawòl ki anlè tèt
1 Sam. 22:9Sm 52:2, 3
1 Sam. 22:91Sa 14:3; 22:20
1 Sam. 22:101Sa 21:6, 9
1 Sam. 22:141Sa 19:4; 20:32; 24:11; 26:23
1 Sam. 22:141Sa 17:25; 18:27
1 Sam. 22:141Sa 18:5, 13
1 Sam. 22:151Sa 22:10
1 Sam. 22:151Sa 21:1, 2
1 Sam. 22:161Sa 14:44; 20:31
1 Sam. 22:161Sa 2:27, 32
1 Sam. 22:18Sm 52:pawòl ki anlè tèt
1 Sam. 22:18Jen 25:30
1 Sam. 22:181Sa 2:27, 31
1 Sam. 22:191Sa 21:1; 22:9
1 Sam. 22:201Sa 23:6; 30:7; 2Sa 20:25; 1Wa 2:27
1 Sam. 22:221Sa 21:1, 7
1 Sam. 22:231Wa 2:26
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 22:1-23

1 Samyèl

22 Apre David fin kite zòn nan+, li kouri al nan gwòt ki Adoulam nan+. Lè frè l yo ak tout fanmi papa l aprann sa, y al jwenn li la. 2 Epi, tout moun ki te nan pwoblèm, ki te gen dèt sou do yo e ki pa t kontan sò yo* t al jwenn li, e li te vin chèf yo. Li te gen anviwon 400 gason avè l.

3 Annapre, David te kite kote l te ye a, li t al Mispe, nan peyi Mowab+. Epi, li di wa Mowab la: “Tanpri, kite manman m ak papa m abite bò kote w jiskaske m konnen sa Bondye ap fè pou mwen.” 4 Konsa, li te kite yo ak wa Mowab la e yo te abite nan peyi a pandan tout tan David te ret kote l te kache a+.

5 Rive yon lè, Gad+, ki te yon pwofèt, di David: “Pa ret kote w ye a. Kite zòn nan, al nan peyi Jida+.” Se sa k fè David te kite kote l te ye a, li t al nan forè ki nan Erèt la.

6 Sayil te aprann gen moun ki konn kote David ak mesye l yo ye. Lè sa a, Sayil te chita nan Gibeya+, anba pye tamaris* ki sou ti mòn nan. Li te gen lans li nan men l e tout sèvitè l yo te kanpe toupre l. 7 Epi, Sayil di sèvitè l yo ki te kanpe toupre l: “Tanpri, koute sa m ap di nou an, nou menm desandan Benjamen. Èske pitit gason Jese a+ ap fè nou tout kado tè ak jaden rezen tou? Èske l ap fè nou tout vin chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ak chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo+? 8 Nou tout fè konplo sou do m! Pa gen nou youn ki vin fè m konnen pwòp pitit gason m fè yon alyans ak pitit gason Jese a+! Pa gen nou youn ki te pran lapenn pou mwen, ni ki te fè m konnen pwòp pitit gason m monte tèt pwòp sèvitè m pou l fè konplo sou do m, jan sa ap pase la a.”

9 Epi, Dowèg+, moun Edòm nan, ki te alatèt sèvitè Sayil yo, reponn+: “Mwen te wè pitit gason Jese a vin Nòb lakay Ayimelèk, pitit gason Ayitoub la+. 10 Ayimelèk te pale ak Jewova pou li e li te ba l pwovizyon. Li te menm ba l epe Golyat, moun Filisti a+.” 11 Menm kote a, wa a voye chèche Ayimelèk, prèt la, pitit gason Ayitoub, ansanm ak tout prèt ki nan fanmi papa l ki nan Nòb yo. Epi, yo tout vin kot wa a.

12 Lè sa a, Sayil di: “Tanpri, koute sa m ap di w, pitit gason Ayitoub!” Epi, li reponn: “M ap koute w, mèt.” 13 Sayil di l: “Poukisa w met ansanm ak pitit gason Jese a pou nou fè konplo sou do m? Ou ba l pen ak yon epe, epi w pale ak Bondye pou li. Li se advèsè m e li fè konplo sou do m, jan sa ap pase la a.” 14 Lè sa a, Ayimelèk reponn wa a, li di l: “Ki moun pami tout sèvitè w yo moun ka fè konfyans* tankou David+? Li se bofis ou, monwa+, se li ki chèf moun k ap ba w sekirite yo e moun lakay ou gen anpil respè pou li+. 15 Èske jodi a se premye fwa mwen pale ak Bondye pou li+? Mwen pa t ap janm fè sa w di a! Wa a pa bezwen met anyen sou do ni mwen menm, sèvitè w la, ni moun nan fanmi papa m yo, paske mwen menm, sèvitè w la, mwen pa konn anyen menm nan bagay sa a+.”

16 Men, wa a di l: “Wè pa wè, w ap mouri+, Ayimelèk, ou menm ak tout moun nan fanmi papa w+.” 17 Lamenm, wa a mande mesye ki te toupre l ki t ap ba l sekirite yo*: “Touye prèt Jewova yo, paske se patizan David yo ye! Aktout yo konnen David se yon moun ki nan mawon, yo pa t vin fè m konn kote l ye!” Men, sèvitè wa yo pa t vle se men pa yo ki touye prèt Jewova yo. 18 Apre sa, wa a di Dowèg+: “Ou menm, touye prèt yo!” Menm kote a, Dowèg, moun Edòm nan+, touye prèt yo poukont li. Jou sa a, li te touye 85 gason ki te gen efòd* ki fèt ak twal len sou yo+. 19 Epitou, li te ravaje Nòb+, vil kote prèt yo te rete a, ak kout epe. Li te touye gason kou fi, timoun kou tibebe, bèf, bourik ak mouton. Li te touye yo tout ak kout epe.

20 Men, Abyata+, pitit gason Ayimelèk ki te pitit gason Ayitoub, reyisi chape e li kouri al jwenn David. 21 Abyata di David: “Sayil touye tout prèt Jewova yo.” 22 Menm kote a, David di Abyata: “Mwen konnen+ depi Dowèg, moun Edòm nan, te la, li t apral di Sayil sa kanmenm. Se mwen menm ki responsab lanmò tout moun* nan fanmi papa w yo. 23 Ou mèt ret avè m. Ou pa bezwen pè, paske nenpòt moun k ap chèche touye w*, se mwen l ap chèche touye tou*. M ap pwoteje w+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje