BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 23
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • David sove vil Keyila (1-12)

      • Sayil ap kouri dèyè David (13-15)

      • Jonatan bay David fòs (16-18)

      • Sayil manke touye David (19-29)

1 Samyèl 23:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:20, 44

1 Samyèl 23:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 30:8; 2Sa 5:19; Sm 37:5

1 Samyèl 23:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:5
  • +1Sa 13:5; 14:52

1 Samyèl 23:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 6:39
  • +1Sa 14:6; 2Sa 5:19

1 Samyèl 23:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 23:1

1 Samyèl 23:6

Nòt anba paj

  • *

    Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:20

1 Samyèl 23:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 23:14

1 Samyèl 23:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 27:21; 1Sa 30:7

1 Samyèl 23:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:19

1 Samyèl 23:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:1, 2; 25:13; 30:9

1 Samyèl 23:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:20, 55; 1Sa 23:19; 26:1
  • +1Sa 18:29; 20:33; 27:1

1 Samyèl 23:15

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “li te pè, paske”.

  • *

    Oswa: “chèche nanm li”.

1 Samyèl 23:16

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “li bay men l fòs”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 37:5; Pw 17:17

1 Samyèl 23:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 16:13; 2Sa 2:4; 5:3
  • +1Sa 20:31; 24:17, 20

1 Samyèl 23:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:3; 20:42

1 Samyèl 23:19

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “sou bò dwat”.

  • *

    Se kapab tou: “dezè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 10:26
  • +1Sa 26:1; Sm 54:pawòl ki anlè tèt
  • +1Sa 23:15
  • +1Sa 26:3
  • +1Sa 23:24

1 Samyèl 23:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “lè nanm ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 54:3

1 Samyèl 23:23

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “tout fanmi”.

1 Samyèl 23:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 23:14
  • +Joz 15:20, 55; 1Sa 25:2, 3
  • +Dt 1:7

1 Samyèl 23:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:2; Sm 54:3
  • +1Sa 23:28

1 Samyèl 23:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 31:22
  • +Sm 17:9

1 Samyèl 23:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 54:7

1 Samyèl 23:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:20, 62; Ch 1:14

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 23:1Joz 15:20, 44
1 Sam. 23:21Sa 30:8; 2Sa 5:19; Sm 37:5
1 Sam. 23:31Sa 22:5
1 Sam. 23:31Sa 13:5; 14:52
1 Sam. 23:4Jj 6:39
1 Sam. 23:41Sa 14:6; 2Sa 5:19
1 Sam. 23:51Sa 23:1
1 Sam. 23:61Sa 22:20
1 Sam. 23:71Sa 23:14
1 Sam. 23:9Nb 27:21; 1Sa 30:7
1 Sam. 23:101Sa 22:19
1 Sam. 23:131Sa 22:1, 2; 25:13; 30:9
1 Sam. 23:14Joz 15:20, 55; 1Sa 23:19; 26:1
1 Sam. 23:141Sa 18:29; 20:33; 27:1
1 Sam. 23:16Sm 37:5; Pw 17:17
1 Sam. 23:171Sa 16:13; 2Sa 2:4; 5:3
1 Sam. 23:171Sa 20:31; 24:17, 20
1 Sam. 23:181Sa 18:3; 20:42
1 Sam. 23:191Sa 10:26
1 Sam. 23:191Sa 26:1; Sm 54:pawòl ki anlè tèt
1 Sam. 23:191Sa 23:15
1 Sam. 23:191Sa 26:3
1 Sam. 23:191Sa 23:24
1 Sam. 23:20Sm 54:3
1 Sam. 23:241Sa 23:14
1 Sam. 23:24Joz 15:20, 55; 1Sa 25:2, 3
1 Sam. 23:24Dt 1:7
1 Sam. 23:251Sa 26:2; Sm 54:3
1 Sam. 23:251Sa 23:28
1 Sam. 23:26Sm 31:22
1 Sam. 23:26Sm 17:9
1 Sam. 23:28Sm 54:7
1 Sam. 23:29Joz 15:20, 62; Ch 1:14
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 23:1-29

1 Samyèl

23 Yon lè, yo te vin di David: “Men moun Filisti yo ap fè lagè ak moun Keyila yo+, epi y ap pran manje moun yo genyen kote yo konn bat manje angren yo.” 2 Lè sa a, David mande Jewova+: “Èske m mèt al touye moun Filisti yo?” Jewova di David: “Ou mèt al touye moun Filisti yo pou w ka sove moun Keyila yo.” 3 Men, mesye David yo di: “Bon, nou isit la Jida+, nou pè, alewè si nou ta al Keyila pou n al fè lagè ak lame Filisti a+!” 4 Konsa, David te poze Jewova kesyon ankò+. Epi, Jewova reponn li, li di l: “Leve, desann Keyila, paske m ap lage moun Filisti yo nan men w+.” 5 Se konsa, David ale ak mesye l yo Keyila, epi li batay ak moun Filisti yo. Li pran bèt yo genyen yo e li touye yon bann ak yon pakèt moun. Epi, David sove moun Keyila yo+.

6 Twouve, lè Abyata+, pitit gason Ayimelèk la, te kouri al jwenn David Keyila, li te gen yon efòd* nan men l. 7 Yo te vin di Sayil: “Men David Keyila.” Lè sa a, Sayil di: “Bondye lage l nan men m+, paske li met tèt li nan yon pyèj, piske l al antre nan yon vil ki fèmen ak pòt ki byen solid.” 8 Konsa, Sayil fè rele tout pèp la pou y al nan lagè. Yo desann Keyila pou y al sènen David ak mesye l yo. 9 Lè David aprann Sayil ap fè plan pou l vin atake l, li di Abyata, prèt la: “Pot efòd la vini+.” 10 Apre sa, David di: “O Jewova, Bondye Izrayèl la, yo bay sèvitè w la bonjan enfòmasyon pou fè l konnen Sayil gen entansyon vin Keyila pou l detwi vil la akoz mwen menm+. 11 Èske chèf nan Keyila yo ap lage m nan men l? Èske Sayil ap vini, jan sèvitè w la tande sa a? O Jewova, Bondye Izrayèl la, tanpri, fè sèvitè w la konnen.” Jewova reponn: “L ap vini.” 12 David mande: “Èske chèf nan Keyila yo ap lage mwen menm ak mesye m yo nan men Sayil?” Jewova reponn: “Y ap lage w nan men l.”

13 Menm moman an, David leve ansanm ak mesye l yo, ki te anviwon 600 gason+, yo kite Keyila, yo ale tout kote yo te kapab. Lè yo vin di Sayil David kite Keyila, li pa al dèyè l. 14 David te rete nan dezè a, yon seri kote ki te difisil pou moun ale, nan zòn ki gen mòn nan Dezè Zif+ la. Sayil t ap chèche l san rete+, men Jewova pa t lage l nan men l. 15 Pandan David nan Dezè Zif, nan Orèch, li te konnen* Sayil t ap chèche touye l*.

16 Men, Jonatan, pitit gason Sayil, t al kot David nan Orèch e li te ede l vin gen plis konfyans* nan Jewova+. 17 Li te di l: “Ou pa bezwen pè. Paske Sayil, papa m, pap jwenn ou. Se ou k ap vin wa ann Izrayèl+ e mwen menm m ap vin apre w. Sayil, papa m, konn sa tou+.” 18 Apre sa, yo toule de fè yon alyans+ devan Jewova. Epi, David rete Orèch, Jonatan li menm retounen lakay li.

19 Annapre, mesye nan Zif yo monte al kot Sayil nan Gibeya+, epi yo di l: “Nou wè David kache toupre nou an+ nan yon seri zòn ki difisil pou moun ale nan Orèch+, sou ti mòn Akila a+, ki nan sid* Jechimon*+. 20 Monwa, nenpòt lè ou* vle desann, ou mèt desann, n ap lage l nan men w+.” 21 Lè sa a, Sayil di yo: “Mwen swete pou Jewova beni nou, paske nou montre nou gen pitye pou mwen. 22 Tanpri, ale, epi chèche byen konn kote l ye a oswa al jwenn moun ki te wè l nan zòn nan, paske yo fè m konnen li mètdam anpil. 23 Chèche byen konnen tout kote li abitye kache, epi vin kote m ak prèv ki montre li la. Apre sa, mwen prale avèk nou, si l nan peyi a, m ap chèche l pami tout gwoup mil moun* ki nan Jida yo.”

24 Se konsa, yo pati, yo rive Zif+ anvan Sayil. Pandan tan sa a, David ak mesye l yo te nan Dezè Mawon+, nan Araba+, nan sid Jechimon. 25 Apre sa, Sayil te vin ak mesye l yo pou yo chèche David+. Lè yo vin di David sa, menm moman an, li desann al bò gwo wòch la+ e li rete nan Dezè Mawon. 26 Pandan Sayil t ap vin sou yon bò nan mòn nan, David ansanm ak mesye l yo te sou lòt bò a. David t ap prese retire kò l+ pou Sayil pa jwenn li, men Sayil ak mesye l yo t ap pwoche pi pre David ki te ak mesye pa l yo pou met men sou yo+. 27 Twouve, gen yon moun ki pot yon mesaj bay Sayil. Li di l: “Vini vit, paske sòlda Filisti yo vin atake peyi a!” 28 Menm moman an, Sayil sispann kouri dèyè David+ pou l al batay ak moun Filisti yo. Se sa k fè yo rele kote sa a Wòch Separasyon.

29 Apre sa, David kite zòn nan l al rete nan yon seri kote ki difisil pou moun ale nan Enngedi+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje