BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 14
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Jowab ak dam ki moun Tekowa a (1-17)

      • David sispèk se yon plan Jowab fè (18-20)

      • David pèmèt Absalon retounen (21-33)

2 Samyèl 14:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 2:18; 1Kw 2:15, 16
  • +2Sa 13:39; 18:33; 19:2

2 Samyèl 14:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 11:5, 6; 20:20; Am 1:1
  • +Ekl 9:8; Dn 10:3

2 Samyèl 14:3

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Jowab di l sa pou l di”.

2 Samyèl 14:7

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di dènye espwa pou gen yon desandan.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 35:19; Dt 19:11, 12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/6/2005, p. 30

2 Samyèl 14:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 35:19, 27; Dt 19:6
  • +Dt 6:13; Ekl 8:4

2 Samyèl 14:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 19:5; Nb 6:27
  • +2Sa 13:38

2 Samyèl 14:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

2 Samyèl 14:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 14:2, 7

2 Samyèl 14:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm ou”.

  • *

    Oswa: “pa gen yon moun ki ka al agoch oswa adwat sa w di a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 14:1-3

2 Samyèl 14:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 14:13
  • +2Sa 13:38

2 Samyèl 14:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 3:14; 2Sa 3:3; 13:37

2 Samyèl 14:26

Nòt anba paj

  • *

    Anviwon 2,3 kg (5 liv). Gade Apendis B14.

  • *

    Petèt se te yon chekèl wa yo te konn itilize (ki diferan ak chekèl nòmal yo), oswa yon chekèl yo te konsève nan palè wa a.

2 Samyèl 14:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:18

2 Samyèl 14:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 14:24

2 Samyèl 14:30

Nòt anba paj

  • *

    Se yon kalite manje angren.

2 Samyèl 14:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 14:23

2 Samyèl 14:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 45:15

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 14:12Sa 2:18; 1Kw 2:15, 16
2 Sam. 14:12Sa 13:39; 18:33; 19:2
2 Sam. 14:22Kw 11:5, 6; 20:20; Am 1:1
2 Sam. 14:2Ekl 9:8; Dn 10:3
2 Sam. 14:7Nb 35:19; Dt 19:11, 12
2 Sam. 14:11Nb 35:19, 27; Dt 19:6
2 Sam. 14:11Dt 6:13; Ekl 8:4
2 Sam. 14:13Eg 19:5; Nb 6:27
2 Sam. 14:132Sa 13:38
2 Sam. 14:162Sa 14:2, 7
2 Sam. 14:192Sa 14:1-3
2 Sam. 14:212Sa 14:13
2 Sam. 14:212Sa 13:38
2 Sam. 14:23Dt 3:14; 2Sa 3:3; 13:37
2 Sam. 14:272Sa 18:18
2 Sam. 14:282Sa 14:24
2 Sam. 14:322Sa 14:23
2 Sam. 14:33Jen 45:15
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 14:1-33

2 Samyèl

14 Twouve, Jowab, pitit gason Sewouya a+, te vin aprann jan wa a anvi wè Absalon+. 2 Se sa k fè, Jowab te voye moun al Tekowa+ pou y al chèche yon dam ki entèlijan anpil pou li, epi li di dam nan: “Tanpri, fè kòmsi w nan lapenn, mete rad moun konn mete lè yo nan lapenn, pa pase luil santi bon sou kò w+. Fè tankou ou se yon fi ki nan lapenn pou yon moun ki gen lontan depi l mouri. 3 Apre sa, antre al pale ak wa a jan m di w la.” Se konsa, Jowab met pawòl nan bouch dam nan*.

4 Dam ki moun Tekowa a te antre al kot wa a, epi li lage kò l fas atè, li bese tèt li, li di: “O monwa, ede m!” 5 Wa a reponn li: “Ki sa w genyen?” Epi, li di: “Wouy! Mwen se yon fi ki pa gen mari paske mari m mouri. 6 Mwen menm, sèvant ou an, mwen te gen de pitit gason, yo toule de t ap goumen youn ak lòt nan savann nan, pa t gen pèsonn pou separe yo, e gen youn ki te bay lòt la yon kou, li touye l. 7 Kounye a, tout moun nan fanmi m leve kont mwen menm, sèvant ou an, yo di m: ‘Ban nou moun ki touye frè l la pou nou ka touye l, poutèt li te touye frè l la+, menmsi se eritye a, n ap elimine l!’ Yo vle touye sèl pitit mwen rete a, li menm ki tankou sèl chabon dife ki ret limen an*, konsa mari m pap gen yon pitit pou pote non l sou tè a.”

8 Apre sa, wa a di dam nan: “Al lakay ou, m ap bay lòd pou regle sa pou ou.” 9 Lè sa a, dam ki moun Tekowa a di wa a: “O monwa, mèt mwen, se mwen menm ak fanmi papa m ki pou peye pou sa ki fèt la, men, wa a ak wayòm li an inosan nan bagay sa a.” 10 Epi, wa a di: “Si yon moun vin pale avè w sou bagay sa a ankò, mennen l kote m, e li pap janm ba w pwoblèm ankò.” 11 Men, dam nan di l: “Monwa, tanpri, sonje Jewova, Bondye w la, yon fason pou moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a+ pa touye pitit gason m nan.” Wa a di l: “Menm jan li klè Jewova vivan+, mwen fè sèman pitit gason w lan pap pèdi yon branch cheve nan tèt li.” 12 Lè sa a, dam nan di: “Tanpri, monwa, mèt mwen, pèmèt sèvant ou an pale avè w.” Epi, wa a di l: “Pale non!”

13 Dam nan di: “Poukisa menm ou panse fè pèp Bondye a yon bagay konsa+? Jan w pale la a, monwa, ou parèt koupab, paske ou menm monwa, ou pa fè pitit gason w ki egzile a retounen+. 14 Nou gen pou n mouri kanmenm e n ap tankou dlo yo lage atè yo pa ka ranmase ankò. Men, Bondye pap detwi yon vi*, e li wè gen rezon pou li pa rejte moun yo rejte a nèt. 15 Monwa, mèt mwen, mwen vin di w sa paske moun yo fè m pè. Se poutèt sa sèvant ou an te di: ‘Kite m al pale ak wa a. Petèt wa a ap fè sa sèvant li an mande a. 16 Petèt wa a ap koute m e l ap sove m anba men moun k ap chèche touye m ansanm ak sèl pitit gason m nan pou nou pa ret nan eritaj Bondye ban nou an+.’ 17 Epi, sèvant ou an te di: ‘Se pou pawòl ou, monwa, mèt mwen, fè m jwenn soulajman’, paske, monwa, mèt mwen, ou egzakteman tankou yon zanj vrè Dye a, piske w ka fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal. Mwen swete pou Jewova, Bondye w la, avè w!”

18 Epi, wa a di dam nan: “Mwen pral mande w yon bagay, tanpri, pinga w kache m anyen.” Dam nan reponn: “Tanpri, monwa, mèt mwen, ou mèt pale.” 19 Lè sa a, wa a mande l: “Èske se Jowab ki voye w di tout bagay sa yo+?” Dam nan reponn: “O monwa, mèt mwen, menm jan li klè ou* vivan, mwen fè sèman sa w di a se sa*, monwa, mèt mwen. Paske se Jowab, sèvitè w la, ki te pale avè m e ki te di sèvant ou an tout sa pou l di. 20 Se Jowab, sèvitè w la, ki voye m fè sa pou w ka wè bagay yo yon lòt jan. Men, mèt mwen, ou gen sajès menm jan ak yon zanj vrè Dye a e w konn tout sa k ap pase nan peyi a.”

21 Apre sa, wa a di Jowab: “Pa gen pwoblèm, m ap fè sa+. Al chèche jennonm ki rele Absalon an mennen vini+.” 22 Menm kote a, Jowab lage kò l fas atè, li bese tèt li e li felisite wa a. Jowab di l: “Jodi a, mwen menm, sèvitè w la, mwen konnen w pran plezi nan mwen, o monwa, mèt mwen, paske w fè sa sèvitè w la mande a.” 23 Epi, Jowab leve l al Gechou+ e li vin Jerizalèm ak Absalon. 24 Men, wa a di l: “Fè l al lakay li, li pa dwe wè m.” Se sa k fè, Absalon te retounen lakay li e l pa t wè wa a.

25 Twouve, nan tout peyi Izrayèl, pa t gen yon gason yo te fè lwanj pou li poutèt li bèl gason pase jan yo te konn fè pou Absalon an. Li pa t gen okenn defo nan kò l, soti nan pla pye l rive nan tèt li. 26 Lè l te konn koupe cheve l, (cheve l te tèlman lou pou li, li te oblije koupe cheve l nan fen chak ane) cheve nan tèt li te peze plis pase 200 chekèl*, dapre pwa yo te konn itilize nan palè wa a*. 27 Absalon te gen twa pitit gason+ ak yon pitit fi ki te rele Tama. Tama te bèl anpil.

28 Absalon te kontinye abite Jerizalèm pandan dezan, men li pa t janm wè wa a+. 29 Se sa k fè, Absalon te voye rele Jowab pou l voye l kot wa a, men Jowab pa t vin kote l. Epi, li voye kote Jowab ankò yon dezyèm fwa, men li te refize vin kote l toujou. 30 Alafen, li di sèvitè l yo: “Jaden Jowab la toupre jaden m nan, li gen lòj* ladan l. Al met dife ladan l.” Se konsa, sèvitè Absalon yo te met dife nan jaden an. 31 Menm kote a, Jowab leve l al lakay Absalon, li di l: “Poukisa sèvitè w yo met dife nan jaden m nan?” 32 Absalon reponn Jowab: “Gade! Mwen voye di w: ‘Vini m voye w kot wa a pou w di l pou mwen: “Poukisa w fè m kite Gechou+? Li t ap pi bon pou mwen si m te ret lòtbò a. Pèmèt mwen wè w kounye a, monwa, e si m koupab, ou mèt touye m.”’”

33 Se sa k fè, Jowab te antre al kot wa a e li pale avè l. Apre sa, wa a voye rele Absalon. Li antre al kote wa a, li lage kò l fas atè devan wa a, epi wa a bo l+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje