BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 15
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Absalon fè konplo e li fè soulèvman (1-12)

      • David kouri kite Jerizalèm (13-30)

      • Ayitofèl al jwenn Absalon (31)

      • David voye Ouchayi al detounen konsèy Ayitofèl la (32-37)

2 Samyèl 15:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 8:11; 1Wa 1:5; Pw 11:2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 5/2022, p. 8-9

2 Samyèl 15:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 25:7; Rt 4:1
  • +1Sa 8:20; 2Sa 8:15

2 Samyèl 15:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 10:9; 55:21; Pw 26:25

2 Samyèl 15:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 11:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/7/2012, p. 13

2 Samyèl 15:7

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “40 an”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 3:2

2 Samyèl 15:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 22:21
  • +2Sa 13:38; 14:23

2 Samyèl 15:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 2:1; 5:1, 5; 1Kw 3:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 5/2022, p. 9

2 Samyèl 15:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 16:23; 17:14; 23:8, 34
  • +Sm 41:9; 55:12, 13; Jan 13:18
  • +Joz 15:20, 51
  • +Sm 3:1; Pw 24:21

2 Samyèl 15:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 19:9; Sm 3:pawòl ki anlè tèt
  • +2Sa 12:11

2 Samyèl 15:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 18:24

2 Samyèl 15:16

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “palè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:11; 16:21; 20:3

2 Samyèl 15:17

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/5/2009, p. 27

2 Samyèl 15:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “te travèse”.

  • *

    Oswa: “t ap travèse devan l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:18; 20:7; 1Wa 1:38; 1Kw 18:17
  • +Joz 13:2, 3
  • +1Sa 27:4; 1Kw 18:1

2 Samyèl 15:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/5/2009, p. 27

2 Samyèl 15:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “lanmou ki fidèl”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 2:5, 6; Sm 25:10; 57:3; 61:7; 89:14

2 Samyèl 15:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 17:17; 18:24

2 Samyèl 15:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:2

2 Samyèl 15:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 2:36, 37; 2Kw 30:14; Jan 18:1

2 Samyèl 15:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:17; 20:25; 1Wa 1:8; 2:35; 1Kw 6:8
  • +Nb 8:19
  • +Eg 37:1; Le 16:2
  • +Nb 4:15; 7:9; 1Kw 15:2
  • +1Sa 22:20; 30:7

2 Samyèl 15:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 6:17
  • +2Sa 7:2; Sm 26:8; 27:4

2 Samyèl 15:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 9:9
  • +2Sa 17:17

2 Samyèl 15:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 15:36; 17:16, 21

2 Samyèl 15:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mt 21:1; 24:3; Tr 1:12

2 Samyèl 15:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 41:9; 55:12, 13; Jan 13:18
  • +Sm 3:pawòl ki anlè tèt
  • +Sm 3:7
  • +2Sa 16:23; 17:14

2 Samyèl 15:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 16:16
  • +Joz 16:1, 2

2 Samyèl 15:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 16:18, 19
  • +2Sa 17:7, 14

2 Samyèl 15:35

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 17:15, 16

2 Samyèl 15:36

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:19
  • +2Sa 17:17; 1Wa 1:42

2 Samyèl 15:37

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon moun ki konn tout ti sekrè David”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 16:16; 1Kw 27:33

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 15:11Sa 8:11; 1Wa 1:5; Pw 11:2
2 Sam. 15:2Dt 25:7; Rt 4:1
2 Sam. 15:21Sa 8:20; 2Sa 8:15
2 Sam. 15:5Sm 10:9; 55:21; Pw 26:25
2 Sam. 15:6Pw 11:9
2 Sam. 15:72Sa 3:2
2 Sam. 15:8Le 22:21
2 Sam. 15:82Sa 13:38; 14:23
2 Sam. 15:102Sa 2:1; 5:1, 5; 1Kw 3:4
2 Sam. 15:122Sa 16:23; 17:14; 23:8, 34
2 Sam. 15:12Sm 41:9; 55:12, 13; Jan 13:18
2 Sam. 15:12Joz 15:20, 51
2 Sam. 15:12Sm 3:1; Pw 24:21
2 Sam. 15:142Sa 19:9; Sm 3:pawòl ki anlè tèt
2 Sam. 15:142Sa 12:11
2 Sam. 15:15Pw 18:24
2 Sam. 15:162Sa 12:11; 16:21; 20:3
2 Sam. 15:182Sa 8:18; 20:7; 1Wa 1:38; 1Kw 18:17
2 Sam. 15:18Joz 13:2, 3
2 Sam. 15:181Sa 27:4; 1Kw 18:1
2 Sam. 15:192Sa 18:2
2 Sam. 15:202Sa 2:5, 6; Sm 25:10; 57:3; 61:7; 89:14
2 Sam. 15:21Pw 17:17; 18:24
2 Sam. 15:222Sa 18:2
2 Sam. 15:231Wa 2:36, 37; 2Kw 30:14; Jan 18:1
2 Sam. 15:242Sa 8:17; 20:25; 1Wa 1:8; 2:35; 1Kw 6:8
2 Sam. 15:24Nb 8:19
2 Sam. 15:24Eg 37:1; Le 16:2
2 Sam. 15:24Nb 4:15; 7:9; 1Kw 15:2
2 Sam. 15:241Sa 22:20; 30:7
2 Sam. 15:252Sa 6:17
2 Sam. 15:252Sa 7:2; Sm 26:8; 27:4
2 Sam. 15:271Sa 9:9
2 Sam. 15:272Sa 17:17
2 Sam. 15:282Sa 15:36; 17:16, 21
2 Sam. 15:30Mt 21:1; 24:3; Tr 1:12
2 Sam. 15:31Sm 41:9; 55:12, 13; Jan 13:18
2 Sam. 15:31Sm 3:pawòl ki anlè tèt
2 Sam. 15:31Sm 3:7
2 Sam. 15:312Sa 16:23; 17:14
2 Sam. 15:322Sa 16:16
2 Sam. 15:32Joz 16:1, 2
2 Sam. 15:342Sa 16:18, 19
2 Sam. 15:342Sa 17:7, 14
2 Sam. 15:352Sa 17:15, 16
2 Sam. 15:362Sa 18:19
2 Sam. 15:362Sa 17:17; 1Wa 1:42
2 Sam. 15:372Sa 16:16; 1Kw 27:33
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 15:1-37

2 Samyèl

15 Apre tout bagay sa yo fin pase, Absalon te vin gen yon charyo ak plizyè cheval, e li te gen 50 gason pou kouri devan l+. 2 Absalon te konn leve granmmaten pou l al kanpe bò wout ki toupre pòtay vil la+. Chak fwa yon moun vin kot wa a ak yon ka pou wa a jije pou li+, Absalon te konn rele moun nan, epi li di l: “Nan ki vil ou soti?” Moun nan konn reponn: “Sèvitè w la sot nan youn nan tribi Izrayèl yo.” 3 Absalon konn di: “Gade! Ou gen rezon. Men, pa gen pèsonn lakay wa a ki pou tande ka w la.” 4 Absalon te konn di tou: “Si se mwen yo te mete jij nan peyi a, lè yon moun gen yon ka pou yo jije pou li, epi li vin kote m, mwen t ap fè l jwenn jistis.”

5 Epi, lè yon moun te vin kote Absalon e li vin pou l bese devan l, li te konn lonje men l, li kenbe moun nan epi li bo l+. 6 Absalon te konn fè sa pou tout Izrayelit ki te konn vin kot wa a pou yon ka li te dwe jije pou yo. Konsa, Absalon te konn fè yon jan pou l fè mesye ann Izrayèl yo renmen l+.

7 Apre katran*, Absalon di wa a: “Kite m ale, tanpri, kite m al Ebwon+ pou m al fè sa m te pwomèt Jewova m ap fè a. 8 Paske men ve mwen menm, sèvitè w la, mwen te fè+ lè m te rete Gechou+, nan peyi Siri: ‘Si Jewova fè m retounen Jerizalèm, m ap bay Jewova yon ofrann.’” 9 Se sa k fè wa a di l: “Ou mèt ale anpè.” Menm kote a, li leve l al Ebwon.

10 Epi, Absalon voye espyon nan tout tribi Izrayèl yo, li di: “Kou nou tande kòn nan sonnen, se pou n fè konnen: ‘Absalon vin wa nan Ebwon+!’” 11 Twouve, te gen 200 gason ki te kite Jerizalèm pou y al lòtbò a avèk Absalon. Absalon te envite yo e yo t ale san pèsonn pa t sispèk anyen, yo pa t konprann anyen nan sa k t ap pase a. 12 Mete sou sa, lè Absalon fin ofri sakrifis yo, li voye chèche Ayitofèl+, moun Gilo, konseye David la+, nan vil Gilo+. Te vin gen plis moun ki vin antre nan konplo a, e kantite moun ki t ap soutni Absalon yo te kontinye ap vin pi plis chak jou+.

13 Rive yon lè, gen yon moun ki vin di David: “Kounye a, se patizan Absalon mesye ann Izrayèl yo ye.” 14 Menm kote a, David di tout sèvitè l yo ki te ansanm avè l Jerizalèm: “Leve, ann kouri ale+ paske nou youn pap ka chape anba men Absalon! Fè vit, pou l pa rive sou nou byen rapid, pou l pa fè yon malè sou nou e pou l pa touye moun nan vil la ak kout epe+!” 15 Sèvitè wa yo reponn wa a: “Monwa, mèt nou, kèlkeswa sa w deside, nou menm sèvitè w yo, nou dispoze fè l+.” 16 Se konsa, wa a te deplase ak tout moun lakay li, men li te kite dis nan madanm sou kote li genyen yo+ pou pran swen kay la*. 17 Epi, wa a te kontinye wout li ak tout moun ki te avè l yo e yo te rete Bètmerak.

18 Tout sèvitè wa a t ale* ansanm avè l ak tout Keretit yo, Peletit yo+ ak moun Gat yo+ ki te 600 gason ki te suiv li soti Gat+, e wa a t ap kontwole yo toutpandan yo t ap pase*. 19 Apre sa, wa a di Itayi+, moun Gat la: “Poukisa w oblije ale avèk nou tou? Retounen al abite ak nouvo wa a, paske w se yon etranje e w se yon moun yo egzile nan peyi w. 20 Se yè ou vini, ki jan m ta fè ap fè w monte desann ansanm avè m jodi a, pou w deplase lè m dwe deplase e pou w ale kote m dwe ale? Retounen ansanm ak frè w yo, epi mwen swete pou Jewova montre li gen lanmou* pou ou e li fidèl avè w+.” 21 Men, Itayi reponn wa a: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman ni devan l ni devan ou menm monwa, mèt mwen, kèlkeswa kote w ye se la m ap ye tou, monwa, mèt mwen, e m dispoze mouri avè w+!” 22 Menm kote a, David di Itayi+: “Ale, ou mèt travèse!” Se sa k fè, Itayi, moun Gat la, te travèse ansanm ak tout mesye l yo ak pitit li yo.

23 Tout moun nan peyi a t ap kriye byen fò pandan tout moun yo t ap travèse, e wa a te kanpe bò Vale Kidwon+. Tout moun te travèse al nan wout ki mennen nan dezè a. 24 Zadòk+ te la tou e tout Levit+ ki t ap pote lach alyans+ vrè Dye a+ te ansanm avè l. Epi, yo te depoze Lach vrè Dye a. Abyata+ te monte, pandan tout moun ki te sot nan vil la te fin travèse. 25 Men, wa a te di Zadòk: “Retounen ak Lach vrè Dye a nan vil la+. Si Jewova pran plezi nan mwen, l ap fè m retounen e l ap fè m wè Lach la ak kote Lach la konn ye a+. 26 Men, si l ta di: ‘Mwen pa pran plezi nan ou’, lè sa a, li mèt fè sa l vle avè m.” 27 Wa a di Zadòk, prèt la: “Èske w pa yon moun ki konn fè vizyon+? Retounen nan vil la anpè, epi al ak de pitit gason nou genyen yo: Ayimaz, pitit gason pa w la, ak Jonatan+, pitit gason Abyata a. 28 Gade! M ap ret bò pas dlo yo nan dezè a jiskaske w voye nouvèl ban mwen+.” 29 Se konsa, Zadòk ak Abyata te retounen Jerizalèm ak Lach vrè Dye a e yo te rete la.

30 Pandan David t ap monte Mòn Oliv+, li t ap kriye. Tèt li te kouvri e li t ap mache pye atè. Tout moun ki te ansanm avè l yo te kouvri tèt yo tou e yo t ap kriye pandan yo t ap monte. 31 Epi, yo te vin di David: “Ayitofèl pami moun ki nan konplo+ ak Absalon yo+.” Menm kote a, David di: “O Jewova+, tanpri, fè konsèy Ayitofèl yo vin tankou pawòl moun sòt+!”

32 Lè David rive sou tèt mòn kote yo konn vin adore Bondye a, Ouchayi+, yon Akit+, te vin rankontre l ak rad li chire de bò e te gen pousyè sou tèt li. 33 Men, David te di l: “Si w travèse avè m, w ap vin yon chay pou mwen. 34 Men, si w retounen nan vil la e w di Absalon: ‘Mwen se sèvitè w, o monwa! Mwen te sèvitè papa w nan tan lontan, men kounye a, mwen se sèvitè w+’, w ap ka detounen konsèy Ayitofèl yo pou mwen+. 35 Èske Zadòk ak Abyata, prèt yo, pa ansanm avè w? Ou dwe di Zadòk ak Abyata, prèt yo, tout sa w tande lakay wa a+. 36 Gade! De pitit gason yo genyen yo avèk yo: Ayimaz+, pitit gason Zadòk, ak Jonatan+, pitit gason Abyata. Ou mèt voye yo vin di m tout sa w tande.” 37 Se konsa, Ouchayi, zanmi David*+, te antre nan vil Jerizalèm menm lè ak Absalon.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje