BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Kwonik 5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Desandan Ribenn yo (1-10)

      • Desandan Gad yo (11-17)

      • Yo pot laviktwa sou Agrit yo (18-22)

      • Mwatye tribi Manase a (23-26)

1 Kwonik 5:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “li pa t montre l gen respè pou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 29:32; 49:3, 4
  • +Jen 35:22
  • +Jen 49:22, 26; Joz 14:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/10/2005, p. 9

1 Kwonik 5:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 49:8, 10; Nb 2:3; 10:14; Jj 1:1, 2; Sm 60:7
  • +Mt 2:6; Eb 7:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/10/2005, p. 9

1 Kwonik 5:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 46:9; Eg 6:14

1 Kwonik 5:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Tilgatpilnesè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 16:7

1 Kwonik 5:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 2:36
  • +Nb 32:34, 38; Joz 13:15, 17; Eze 25:9, 10

1 Kwonik 5:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 15:18; Dt 1:7; Joz 1:4; 2Sa 8:3
  • +Joz 22:9

1 Kwonik 5:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 3:8, 10; Joz 12:4, 5

1 Kwonik 5:16

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ki toutotou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 32:1
  • +Dt 3:3, 13; 32:14

1 Kwonik 5:17

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de Jewobowam II.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 15:32; 2Kw 27:1; Eza 1:1; Oz 1:1; Mi 1:1
  • +2Wa 14:16, 28

1 Kwonik 5:18

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

1 Kwonik 5:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 5:10
  • +Jen 25:13, 15; 1Kw 1:31

1 Kwonik 5:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 20:7; 22:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    1/2023, p. 4

1 Kwonik 5:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

1 Kwonik 5:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 10:42; 1Sa 17:45, 47; 2Kw 20:15
  • +2Wa 15:29; 17:6

1 Kwonik 5:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 13:29, 30
  • +Dt 4:47, 48

1 Kwonik 5:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 5:7-9; Jj 2:17; 8:33; 2Wa 17:10, 11

1 Kwonik 5:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Esd 1:1; Pw 21:1
  • +2Wa 15:19, 29
  • +2Wa 17:6; 18:11

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Kwo. 5:1Jen 29:32; 49:3, 4
1 Kwo. 5:1Jen 35:22
1 Kwo. 5:1Jen 49:22, 26; Joz 14:4
1 Kwo. 5:2Jen 49:8, 10; Nb 2:3; 10:14; Jj 1:1, 2; Sm 60:7
1 Kwo. 5:2Mt 2:6; Eb 7:14
1 Kwo. 5:3Jen 46:9; Eg 6:14
1 Kwo. 5:62Wa 16:7
1 Kwo. 5:8Dt 2:36
1 Kwo. 5:8Nb 32:34, 38; Joz 13:15, 17; Eze 25:9, 10
1 Kwo. 5:9Jen 15:18; Dt 1:7; Joz 1:4; 2Sa 8:3
1 Kwo. 5:9Joz 22:9
1 Kwo. 5:11Dt 3:8, 10; Joz 12:4, 5
1 Kwo. 5:16Nb 32:1
1 Kwo. 5:16Dt 3:3, 13; 32:14
1 Kwo. 5:172Wa 15:32; 2Kw 27:1; Eza 1:1; Oz 1:1; Mi 1:1
1 Kwo. 5:172Wa 14:16, 28
1 Kwo. 5:191Kw 5:10
1 Kwo. 5:19Jen 25:13, 15; 1Kw 1:31
1 Kwo. 5:20Sm 20:7; 22:4
1 Kwo. 5:22Joz 10:42; 1Sa 17:45, 47; 2Kw 20:15
1 Kwo. 5:222Wa 15:29; 17:6
1 Kwo. 5:23Joz 13:29, 30
1 Kwo. 5:23Dt 4:47, 48
1 Kwo. 5:25Dt 5:7-9; Jj 2:17; 8:33; 2Wa 17:10, 11
1 Kwo. 5:26Esd 1:1; Pw 21:1
1 Kwo. 5:262Wa 15:19, 29
1 Kwo. 5:262Wa 17:6; 18:11
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Kwonik 5:1-26

1 Kwonik

5 Premye pitit Izrayèl la se te Ribenn+. Se li menm ki te premye pitit Izrayèl, men, poutèt li te sal* kabann papa l+, yo te bay pitit gason Jozèf yo+ dwa li te genyen kòm premye pitit la. Jozèf se te pitit Izrayèl tou. Konsa, nan rejis ki gen non fanmi yo, yo pa t anrejistre non Ribenn kòm moun ki te resevwa dwa premye pitit yo te genyen an. 2 Malgre Jida+ te siperyè frè l yo e se nan li moun k ap gen pou l dirije a ap soti+, se Jozèf ki te jwenn dwa premye pitit la. 3 Pitit gason Ribenn, premye pitit Izrayèl la, te genyen yo se te Anòk, Palou, Ezwon ak Kami+. 4 Chemaya se te pitit gason Jowèl, Gòg se te pitit gason Chemaya, Chimeyi se te pitit gason Gòg, 5 Miche se te pitit gason Chimeyi, Reyaja se te pitit gason Miche, Baal se te pitit gason Reyaja, 6 Beyera se te pitit gason Baal. Se Beyera sa a Tiglatpilesè*+, wa Asiri a, te mennen ann egzil la. Se te yon chèf fanmi nan tribi Ribenn nan. 7 Nan rejis ki gen non fanmi yo, frè l yo se te Jeyiyèl, chèf fanmi, Zakari 8 ak Bela, pitit gason Azaz, ki se pitit gason Chema, ki li menm te pitit gason Jowèl. Yo t ap viv Awoyè+ rive jis Nebo ak Bètbaalmeyon+. 9 Yo te rete nan direksyon lès, rive jis nan antre dezè a, jis nan Rivyè Efrat+, paske yo te vin gen anpil bèt nan Galaad+. 10 Nan epòk Sayil te wa, yo te batay ak Agrit yo e yo te pot laviktwa sou yo. Se konsa, yo te vin abite nan tant Agrit yo, nan tout tèritwa ki alès Galaad yo.

11 Desandan Gad yo te abite toupre yo, sot nan zòn Bazan rive jis Salka+. 12 Jowèl se te chèf yo, apre l se te Chafam. Janayi ak Chafat te gen responsablite tou nan Bazan. 13 Mikayèl, Mechoulam, Cheba, Jorayi, Jakan, Zya ak Ebè se te fanmi yo. Yo te sèt antou. 14 Mesye sa yo se te pitit Abikayil. Abikayil se te pitit gason Ouri. Ouri se te pitit gason Jawoya. Jawoya se te pitit gason Galaad. Galaad se te pitit gason Mikayèl. Mikayèl se te pitit gason Jechichayi. Jechichayi se te pitit gason Jado. Jado se te pitit gason Bouz. 15 Ayi, pitit gason Abdyèl, ki li menm te pitit gason Gouni, te chèf fanmi nan tribi yo a. 16 Yo te rete Galaad+, nan Bazan+, ak nan ti vil ki sou kont* li yo e nan tout patiraj Chawon yo, rive nan dènye bout patiraj yo. 17 Yo te anrejistre non yo tout nan rejis ki gen non fanmi yo nan epòk Jotam te wa Jida+ e nan epòk Jewobowam*+ te wa Izrayèl.

18 Desandan Ribenn yo, desandan Gad yo ak mwatye nan tribi Manase a te gen 44 760 sòlda vanyan nan lame yo a ki te konn pote boukliye, epe ak banza*. Yo te antrene pou yo fè lagè. 19 Yo te fè lagè ak Agrit yo+, ak desandan Jetou yo, ak desandan Nafich yo+ e ak desandan Nodab yo. 20 Yo te jwenn èd pou yo batay ak yo. Konsa, Agrit yo ak tout moun ki t ap ede yo te tonbe anba men yo. Paske, yo te mande Bondye ede yo nan gè sa a, e Bondye te fè sa yo te mande l la piske yo te gen konfyans nan li+. 21 Yo te pran bèt moun sa yo te genyen yo: 50 000 chamo, 250 000 mouton ak 2 000 bourik. Mete sou sa, yo te pran 100 000 moun* kòm prizonye. 22 Yo te touye anpil moun, paske se vrè Dye a ki t ap goumen pou yo+. Yo te abite kote moun sa yo te rete yo jiskaske yo te ale ann egzil+.

23 Desandan mwatye tribi Manase a+ te abite nan peyi a, soti Bazan rive Baalèmon, Seni ak Mòn Èmon+. Yo te anpil. 24 Men moun ki te chèf fanmi nan tribi yo a: Efè, Ichi, Eliyèl, Azriyèl, Jeremi, Odavya ak Jadyèl. Yo tout se te sòlda vanyan, moun tout moun te konnen. Se yo menm ki te chèf fanmi nan tribi yo a. 25 Men, yo pa t ret fidèl devan Bondye zansèt yo a. Yo te aji tankou pwostitye ak fo dye moun nan peyi a te konn sèvi yo+, yon seri moun Bondye te elimine devan yo. 26 Se poutèt sa, Bondye Izrayèl la te fè Poul, wa Asiri a+, ki te rele Tiglatpilesè+ tou, mennen desandan Ribenn yo, desandan Gad yo ak mwatye nan tribi Manase a ann egzil. Li te mennen yo Ala, Abò, Ara ak bò Rivyè Gozan an+. Se la yo ye jis jodi a.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje